Pwoteksyon sivil drese yon bilan pwovizwa aprè move tan ayè samdi a : 15 moun mouri

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pwoteksyon sivil drese yon bilan pwovizwa aprè move tan ayè samdi a 15 moun mouri

Direksyon Pwoteksyon Sivil prezante bay gran piblik la bilan aprè pasaj move tan ki te kòmanse depi nan vandredi swa 2 jen an pou al bout ayè samdi 3 jen an kote l fè konnen gen yon kenzèn moun ki pèdi lavi yo pandan pasaj move tan sila.

15 moun mouri, 8 lòt disparèt, 7 745 fanmi sinistre, 1 219 kay anba dlo epi 13 390 moun oblije deplase al lòt kote, daprè direktè Pwoteksyon Sivil la, Jerry Chandler, ki mande popilasyon an rete vijilan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Responsab la fè konnen Lwès, Nip, Sidès, Nòdwès ak Sant, se depatman ki plis touche yo.

N ap presize, aprè lapli te kòmanse farinen sou plizyè depatman nan peyi a depi vandredi swa, pèsòn pa t atann si t ap pral gen anpil pèt ki resanse konsa pi douvan.

Dlo desann epi pote ale tout sa l jwenn sou wout li tankou machin, komès, bèt , ale menm pou antre anndan oubyen kraze kay. Nan kèk zòn te menm gen gwo deboulonnay tè.

Si peyi D Ayiti souvan fè fas ak katastwòf natirèl ki lye ak move tan, ane sa done yo diferan, akoz lespri tout moun te konsantre sou zafè ensekirite a, patikilyèman gran banditis la, ki fin tabli kò l nan tout rakwen teritwa a.

Mete sou sa, pa t reyèlman gen yon seri travay ki te fèt pa bò kote otorite yo, prensipalman Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) nan plizyè zòn. Konsa, kiraj kanal yo pa t fèt ki lakòz dlo ki desann fè plis dega toujou. San konte moun yo bati kenpòt kijan, nenpòt ki kote.

Alòske kondisyon pèp la te deja deplorab akoz kriz sosyopolitik la ki makònen ak zafè ensekirite a ak feblès sistèm sante a, li vin gen yon abse sou klou ak zafè sezon siklonik la ki pa vin pou lapè ditou, nan moman peyi d Ayiti deja gen plizyè kalvè l ap fè fas avè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.