Email » lan , yon mesaj delivrans pou anpil Ayisyen

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
Par Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste  - Rédacteur
email lan , yon mesaj delivrans pou anpil ayisyen

Depi 06 janvye 2023, pwogram « Humanitarian Parole » anpil Ayisyen rele « Pwogram Biden  » lan pa sispann fè anpil pale sou rezo sosyal ,nan biwo ak nan lari . Pifò pwosesis pwogram sa, ki ta dwe pèmèt 30 000 migran ki sòti nan plizyè peyi, pami yo Ayiti antre Etazini chak mwa fèt anliy. Si lontan anpil Ayisyen pat bay mesajri elektwonik gwo enpòtans, pwogram sa chanje fason anpil moun wè « Email » kounya . Depi aprè anons lan, repons imigrasyon an ki vini nan yon « Email » tounen yon mesaj delivrans pou anpil moun ki bouke ak ensekirite, san konte move lavi kap taye banda isit an Ayiti.

Pwogram sa ki parèt senp, ajoute anpil strès kay moun ki swete kite peyi a . Se ka Joana ki te resi jwenn yon sponsò aplike pou li 4 mas 2023 sou sit www.uscis.gov . Depi lè sa Joana* pa janm sispann veye mesaj elektronik ki antre nan bwat resepsyon’l. Email la se mwayen USCIS, antite ki responsab kesyon imigrasyon nan peyi Etazini itilize pou fè konnen desizyon ki pran nan ka yon moun, apre yon sponsò te aplike pou yo . Email sa nòmalman pa ta dwe pran plis ke 90 jou daprè sa anbasad ameriken nan peyi Dayiti fè konen . Menmsi depi kèk tan anpil moun remake demand yo vinn pran plis tan pou jwenn repons parapò ak jan sa te ye lè pwogram lan te fèk lanse. Yon sitiyasyon ki pouse USCIS ki konsyan de problèm lan anonse ouvèti nan mwa mas la yon nouvo sant ak rekritman 330 anplwaye ki pral konsantre yo sou ka imanitè yo.

« M paka tann kilè poum wè email sa monte pou mwen kite peyi sa , moun yo potko pare pou reponn vre yo pat dwe lanse pwogram sa . Lèw vag sou tout bagay epi ou fokis sou ka Biden, epi email pa janm tonbe ,sa di » se sa John* yon jèn gason ki te aplike nan komansman fevriye a epi ki se elektwomekanisyen nan youn nan gwo konpagni ki fè bwason nan peyi a deklare .

Yon sitiyasyon ki diferan pou Lovely* ki limenm gentan jwenn email la epi kite Ayiti sa gen plizyè semèn, Lovely ki ap tann kat travay li nan peyi Etazini fè konen  » Mwen pat gen okenn anvi kite peyi a men fas ak ensekirite a mwen pat gen lechwa ke ale ak tout pitit mwen « . Poutan Lovely apre etid li nan syans enfimyè te gen antrepriz li ki tap mache.

Lovely pa sèl moun ki oblije fè chwa sa akoz ensekirite an kap vale teren. Anpil jèn pwofesyonèl ak antreprenè pa wè avni yo isit nan peyi Dayiti . Yon reyalite ki touche antrepriz yo tou ki ap pèdi anpil anplwaye . Dapre Loop Haiti plis ke 22% nan doktè lopital Inivèsitè Mibalè fòme yo ta gentan kite peyi a.

Si lontan anpil moun pat kwè epi menm pase pwogram lan nan rizib kounya yo plis pranl oserye. Lovely fè konen li pat kwè nan pwogram lan lèl te fèk lanse an .Men poutan sa te pran selman 13 jou pou yo te reponn li apre yon frè li te aplike pou li nan demen ouvèti pwogram lan.

Malgre 20 eta repibliken nan peyi Etazini depoze plent kont pwogram sa , yo jije ilegal ak lajistis ki dwe pwononse sou koze sa nan mwa jen kap vini la . Sa pa dekouraje Ayisyen kontinye chache sponsò pou aplike pou yo.Pou anpil moun pwogram sa se yon pòt sòti pou kite peyi a ki ravaje ak ensekirite san konte move lavi. Selon yon rapò Nasyonzini, sòti janvye pou rive mitan mas ensekirite nan zòn metropolitèn lan selman te lakoz 531 moun mouri ak 277 lòt kidnape .

Yon ensekirite ki gen enpak tou sou ekonomi peyi a . Yon lòt rezon ki pouse anpil Ayisyen aplike nan pwogram lan se cheche pi bon kondisyon lavi . Sou kote ensekirite gwoup ak zam kreye ,pèp ayisyen ap fè fas tou ak ensekirite alimantè. Dapre « Coordination nationale de la sécurité alimentaire (Cnsa) » 4 milyon 900 mil Ayisyen ta dwe jwenn yon asitans imanitè an ijans pou ede yo ak pwoblèm manje pou peryòd mas ak Jen 2023. Yon nivo ensekirite alimantè ki sòti nan 44% – 48% nan mwa Oktòb 2022, epi ki rive nan 49% pou mas 2023. Enflasyon, nivo chomaj lan ki pa sispann monte se kèk rezon ki pouse anpil moun ale Kay Tonton Sam yon fason pou jwenn travay epi chanje lavi yo ak antouraj yo .

Depi nan komansman mwa mas la 11 300 Ayisyen te gentan jwenn email la ak otorizasyon pou antre Etazini dapre « Immigrant Family Services Institute Inc » (IFSI) yon oganizasyon kap defann dwa imigran yo . Yon chif ki poutan gen yon gwo diferans ak kantite Ayisyen ki gentan antre kay tonton Sam .Toujou dapre IFSi selman 5500 te gentan antre kay Tonton Sam.

Yon sitiyasyon ki jwenn eksplikasyonl nan difikilte anpil moun ap rankontre nan kesyon jwenn paspò yo. Depi anons pwogram lan li vinn difisil anpil pou fè paspò akoz kantite moun ki ap fèl epi rakètè ki pwofite pou fè kòb. Anpil nan moun sa yo ki gentan jwenn email la te sèlman aplike ak foto premye paj paspò yo kèk anplwaye imigrasyon founi avan menm livrezon dokiman sa fèt. Yon pwoblèm leta Ayisyen swete rezoud lè li lanse « DELIDOC » nan dat 31 mas 2023, yon platfòm anliy kap pèmèt sitwayen yo fè demand kèk dokiman tankou paspò ak kat idantite sou entenèt.

Si reyalite Ayisyen an Ayiti ak sa ki nan lòt peyi tankou Repiblik Dominiken ka diferan anpil ap tann repons USCIS yon fason pou amelyore lavi yo. Yo kontinye ap veye email la, anpil konsidere tankou yon delivrans . E oumenm eskew ap tan Email la ?

*Nan sousi pou kenbe anonima, non moun yo chanje nan tèks lan .

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média