Fòse 2 jèn marye avan lè, yon zak ki gen anpil konsekans grav

Annelie Noel
ParAnnelie Noel

Maryaj se inyon de moun k ap viv ki deside di tèt yo, yo prè pou yo ini yo, oudimwens, viv ansanm. Se pa yon plezantri. Se yon desizyon ki sakre. Nòmalman, nan maryaj sipoze gen lanmou, respè, pataj, konsesyon, antant, kominikasyon, ak plizyè lòt bagay ki enpòtan. Malerezman, nan kilti nou, anpil paran konn souvan fòse 2 jèn marye, swa paske fi a rive ansent, oubyen moun yo renmen twò lontan, elt. Yon sitiyasyon ki konn gen yon pakèt enpak sou lavi moun sa yo.

Sou plan biblik, maryaj se yon enstitisyon Bondye kreye. Se Bondye ki ini moun. Depi nan tan Adan ak Èv, li te inisye premye maryaj lòm. Se sa k fè nou pa ka pran desizyon sa nenpòt kijan ; san nou poko pare pou sa.

Nan yon ti chita pale ak Mme Naomie N. Jean Louis, ki se yon enfimyè fanm saj, ki konn travay e konn fè edikasyon sou planin familyal ak edikasyon seksyèl pou fanm ak tifi, li te rive bay opinyon l sou sijè sa. Pou li menm :  » maryaj se yon desizyon volontè kote de moun chwazi kole tèt yo pou yo fè vi yo ansanm. » Baz li se lanmou, respè, konsesyon, kominikasyon ak anpil lòt.

Kèk enpak marye bonè konn gen sou jèn yo ak maryaj la

Anpil fwa lè yon paran fòse de jèn marye, sa konn gen anpil enpak sikolojik sou yo si yo pa pare ; ak anpil repèkisyon sou maryaj la e ka lakoz li kraze. Gen kèk pwoblèm tou ki konn parèt byen bonè, tankou : enkonpatiblite karaktè, si youn pa t aprann konnen youn lot pi byen anvan, move jesyon relasyon an, pa konn enpòtans maryaj, pa konn wòl mari/madanm, strès ak mank matirite. Konsa tou, konn gen pwoblèm ki pi grav tankou lanmò.

Sou plan ekonomik, majorite jèn yo souvan fòse marye yo pa gen mwayen pou reponn ak bezwen koup la, swa paske yo pa p fè anyen oubyen ti sa aktivite y ap antreprann nan pèmèt yo rantre a pa sifi. Sa k pi rèd la, pi devan, si maryaj la konsonmen, li pote fri, pral gen responsablite timoun. Pa mande Bondye si yo pa ka okipe yo ; lè konsa ap toujou gen diskisyon prèske chak jou. Kidonk, si yo pa pare, l ap difisil anpil pou 2 jèn sa yo mennen yon vi nòmal.

Youn nan pwen ankò ki konn koze dezagreman nan fwaye sa yo se modèl edikasyon yo chak resevwa. Kit sou bò fi a, kit sou bò gason an ; se pa tout moun k ap aksepte soufri. Lè sa, anpil repwòch konn fè sifas. Pami yo, rezon maryaj la, si se t on bagay fòse.

Kèk konsekans fenomèn marye jèn fi ki ansent san yo poko pare

Yon lòt kote, pou madan Jean Louis, lè nou pran jèn tifi ki ansent paran marye yo paske yo legliz : “se pi gro krim yon paran te ka fè yon jèn fi, pito yo te kite jèn fi a fè pitit li.” Daprè li, lè yon moun fè pitit san w pa marye, sa pa vle di lavi w fini pou sa. Souvan, paran yo al fòse moun yo marye poutan yo pa t pare epi demen yo paka viv. Sa konn mennen divòs ; menm si anpil fwa divòs la pa pibliye nan yon jounal, men moun yo konn pa nan kouche ansanm ankò. Yo chak dòmi nan kabann yo oubyen si yo sou menm kabann, chak moun gen limit pa yo.

Pi lwen, madanm lan fè konnen : Gen yon timoun mande anpil responsablite ; yo sipoze okipe l jan sa mande pou fèt.

Selon anpil konsta, sou plan sikolojik, li difisil anpil pou 2 moun ki pa t pare al grandi oubyen edike yon timoun. Ki matirite yo gen pou sa ? Nan koutim ayisyen an, anpil paran toujou mete nan tèt yo depi timoun lan fèt, l ap viv. An n imajine moun sa yo ki pa gen anyen nan men yo, souvan, pou wont je la sosyete oubyen pou sa moun ap di, yo marye 2 jèn yo, men yo pa gade anje ki genyen nan poze kesyon eske yo wè de jèn moun sa yo ki poko mati ka jere yon maryaj.

Kèk konsèy

Nou paka anpeche jèn yo renmen, ni fè bagay ; pou sa ki moun legliz yo, ki di yo se kretyen, malgre tout efò legliz, fè fas epi refize soumèt ak atirans seksyèl paske sa entèdi pa yon bagay ki piti. Anpil jèn toujou gen tandans al chèche konnen kisa k gen nan bagay la ki fè yo entèdi l fè l la.

Sa k enpòtan, « Kòm noumenm ayisyen nou poko atenn nivo sa, se pa tout moun ki konnen kijan pou yo kontwole kò yo, jere tèt yo epi konn kilè pou li ale nan rapò seksyèl. Nan sans sa, si moun lan konnen li aktif seksyèlman, meyè fason an se ta chwazi youn nan metòd planin yo pou li pa ansent. Byenke, anpil fwa, gen moun ki pran l pou yon eskandal lè yon jèn fi ki poko marye nan fè planin », pou n site deklarasyon Naomie.

Fanm saj la pa konseye moun pa fè bagay, men, daprè li, premye mwayen an se montre moun yo kòman pou yo jere tèt yo. Pou l fini, li di pase pou yon jèn fi ansent oubyen fin fè yon timoun epi pou tèt sa li kouri marye, kouri al pran responsablite ki twòp pou li, pito jèn fi a evite gwosès ke li poko vle a. Lè li pare, l a fè pitit.

Yon eksperyans

Sou bò pa l, Carmelle, yon jèn fi ki marye depi ak 22 lane te pwofite rakonte eksperyans li fè nan maryaj li.  » Mwen se yon jèn tifi ki potko menm fini lekol, akoz relijyon nou, mwen ak mari m, nou te oblije pran desizyon pou nou marye. Lè paran nou tande sa, yo pa t twò kontan men, kòm nou menm nou te vle, nou te fini pa marye.’’

Li te rapousib pou l di ‘‘Te vin g on timoun. Gras ak ti mwayen nou genyen, kò m n apdegaje nou, nou rive okipe l. Malerezman, 4 lane aprè, bagay yo te vin chanje, tout jounen nou nan kont, nap batay. M preske di mwen regrèt m te marye… Konsèy mwen pou tout jèn se pa kouri marye san nou poko pare pou nou pa regrèt demen.”

N ap raple, koze fòse 2 jèn marye sa lakoz anpil divòs nan sosyete a, anpil fanm lage ak pitit sou bra yo san papa e menm konn rive pèdi lavi yo. Legliz gen mo pa l pou l di. Antanke antite moral, anpil nan lidè yo ta dwe adopte yon lòt metòd nan fason y ap fòme Jèn yo, e dwe ankadre yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Originaire de Port-au-Prince. Diplômée en communication et en hôtellerie. Elle est une journaliste motivée, attentive, dynamique et rigoureuse. Elle s'accroche beaucoup à son métier de journaliste.