Envestigasyon yo ap rapouswiv pou sanksyone lòt moun toujou 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
envestigasyon yo ap rapouswiv pou sanksyone lòt moun toujou 

Mwens pase 24è tan aprè nouvèl sou sanksyon peyi Etazini espesyalman enpoze ak responsab politik Joseph Lambert ak Youri Latortue, chaje dafè ameriken an Ayiti an Eric Stromayer fè konnen gen lòt moun ki ap gen pou sanksyone toujou. 

Pou Éric Stromayer, se yon ti gwoup ki nan elit la an Ayiti ak aletranje ki pran peyi a an otaj e k ap eksplwate soufrans popilasyon an pou vin pi rich ak fè kapital politik yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

«Peyi Etazini detèmine pou jwenn responsab kriminèl sa yo, sa ki vle di, si gen sitwayen ameriken ki enplike nan blokaj gaz la ak èd imanitè yo, y ap gen entèdiksyon pou vwayaje nan mond lan. E n ap sezi byen yo», deklare Mesye Stromayer. 

Chaje dafè ameriken an Ayiti a fè konnen egalman gen envestigasyon k ap fèt toujou pou idantifye lòt aktè ki enplike nan kreye kawo nan peyi a e anonse gen sanksyon ki pral pran kont moun sa yo jan sa kòmanse fèt ak plizyè lidè politik. 

Ayè vandredi 4 novanm, peyi Etazini ak Kanada rann piblik sanksyon ki pran kont prezidan ti rès sena, Joseph Lambert, ansanm ak lidè Ayiti An Aksyon an, Youri Latortue, ki gen entèdiksyon rantre sou teritwa sa yo avèk viza responsab politik sa yo ki anile. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.