Èske se pa yon pyèj etazini ap tann pou migran ayisyen yo ak nouvo program li an ? 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
Èske se pa yon pyèj etazini ap tann pou migran ayisyen yo ak nouvo program li an  

Sa gen 4 jou depi Prezidan Joe Biden chwazi louvri pòt li pou l akeyi 30 000 migran plizyè lòt nasyon pami yo kiben venezyelyen Ayisyen elatriye. Pwogram nan pote non « Humanitarian Parole » k ap dire 2 lane. Kondisyon an, se siw gen yon moun ki deja lòt bò dlo epi ki kapab edew jere pwosesis la. Nouvèl la sanse gaye nan kat peyi a se kòm si se pòt paradi a ki louvri. 

Depi plizyè lane peyi dayiti ap travèse yon kriz san parèy. Pou ane 2022 a menm se te mare senti tèlman bagay yo te myèl. Ak dosye ensekirite a ki fin plane sou prèske tout teritwa nasyonal la, ratman gaz, pri pwodwi premye nesesite ki pa sispann monte men otè. Pou rezon sa yo, plizyè Ayisyen wè se yon moman favorab pou yo te ka pwofite chape poul yo. Se sak fè a yè lendi a moun debake pa pil pa makòn nan imigrasyon sou zòn lali a pou y al jere dosye paspò yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò gen sitwayen ki twouve se yon pyèj etazini ap tann pou migran ayisyen yo. Daprè deklasyon yon sitwayèn se yon metòd y ap itilize pou majorite ayisyen kite peyi a sitou jèn ki gen sèvo ki kapab itil peyi a,  epi pou yo te ka vin layite kò yo sou teritwa natyonal la. 

 » Ayisyen kale je nou non se vre m konnen sitiyasyon an difisil anpil, se la m ap viv tou, men fòk nou konprann se yon pyèj y ap tann pou nou. Depi kilè etazini te renmen nou konsa, se yo menm ki mete nou kote nou ye a jounen jodi a. Imajine nou yon pwogram k ap dire 2 lane, majorite nan nou ap kite peyi vin ba yo kalbende. Kale je nou ayisyen, n ap kite pwoblèm peyi a fè nou bliye si nou se yon gwo pèp ». Deklarasyon Ginette Léonard yon pwofesè lekòl ki pa dakò livre peyi l. 

Sitwayèn nan fache kou kong pou kesyon pwosesis sa etazini mete sou pye a, ki sou fòm yon sansi k ap vin souse ti rès sèvo ki rete nan peyi a. Epi l pwofite lonje dwèt li tout longè sou otorite konsène yo ki pap regle anyen serye nan tèt peyi a  

 » Pou kisa se pwogram sa yo chwazi mete sou pye, poukisa yo pa di y ap vin jere kesyon ensekirite a ? Poukisa yo pa di y ap vin manyen pati edikasyon an ki sou beki depi kèk lane, ou dimwens konstwi lopital ak kreye travay nan peyi a pou pèp la. Donk se yon plan byen pwograme yo gen dèyè tèt yo, se mwen se yo tou. M pap fè yon pa kita yon pa nago, m pap kite peyi m bay ameriken, si tou m deja pa tolere nasyon sa yo twò mechan »,deklarasyon sitwayèn nan ki pa gade silans li sou dosye sila a k ap fè aktyalite. 

Alòske pou anpil jèn se yon opòtinyite an ò ki prezante. Plizyè nan yo fè konnen depi yo jwenn pou y ale pa gen anyen sou latè beni kab ka kenb yo. 

Èske tout bon vre se yon pwogram ki nan avantaj ayisyen ? èske pa gen yon lòt bagay ki kache dèyè l? Jan anpil moun kwè l la èske se yon pòt delivrans li ye tout bon vre pou pèp ayisyen ? Poutan anpil jèn chwazi fèl konfyans san yo pa men vire je gade dèyè. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.