Musa Hasahya, papa 102 pitit epi 568 piti pitit, deside sispann fè pitit a 67 lane 

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
musa hasahya, papa 102 pitit epi 568 piti pitit, deside sispann fè pitit a 67 lane 

Musa Hasahya, ki se yon kiltivatè orijin Ouganndè 67 lane, deside mete yon fen nan zafè fè pitit aprè l aprè l fin mete nan mond sa a 102 pitit ak 12 madanm san konte 568 pitit pitit misye Musa genyen sou responsabilite l. Yon desizyon agrikiltè a pran akòz lavi chè a k ap bat li bò kou, nan kwen kote li loje l ak vàn fanmi sa a k ap viv nan menm patiraj ak li nan Ouganda. 

Nan peyi Ouganda, ki sitiye l nan Lès kontinan Afrik la, bagay la sanble pa dous kou dlo kokoye nan dènye tan sa yo, depi aprè pwokirè jeneral la Khiddu Makubuya, te fin deklare nan lane 2010 tout gason ka marye ak kantite fanm yo vle anba lòd konstitisyon an, prèske tout gason pa sispann grennen pitit tankou grenn lapli.  Dènye ka ki pi egzajere a se te ka Musa Hasahya, papa 102 pitit ak 12 fanm epi gran papa 568 pitit ki genyen ant 6 jiska 51 lane. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mouche sa a, se youn nan pi ansyen kiltivatè Lusaka, rejyon li soti a, li gen 67 lane, li konstate lavi chè a ap dejenere nan mitan bouk la, li mande 12 madanm li yo pou yo pran pilil pou evite yo tonbe ansent, toutfwa li fè konnen sa pa p kanpe l nan zafè voye kout pijon. Li avwe li nan difikilte pou l bay tout fanmi li manje, daprè yon rapò The Sun pibliye. 

« Ekonomi mwen an vin pi ba pandan ane yo akòz ogmantasyon pri lavi a, tank m ap apovri se tank fanmi an ap grandi, mwen deside mete yon fren » te plenn misye Musa. Rapò a mansyone, tout fanm mesye Hasahya yo ap viv nan menm kay ak li, kiltivatè a fè konnen, sa ede l pou l metrize jalouzi l plis epi veye plis sou madanm li yo, nan sousi pou yo pa marye ak lòt gason 

« Mwen marye ak yo youn aprè lòt, ki jan yon gason ka satisfè ak yon sèl madanm? » se kesyon sa a li te poze. Pi piti madanm Hasahya a, Zulaika, genyen 21 lane, alòske premye madanm li an pote 11 pitit pou li, daprè tout detay li te konfye The Sun. 

« Mwen pa vle fè okenn lòt timoun ankò. M ap sibi yon move sitiyasyon finansye, kounye a se sou konprime mwen ye », li te ajoute. 

Sa ki pi malouk nan istwa a, yon tyè nan pitit kiltivatè yo ki genyen ant 6 ak 51 lane ki fin vye granmoun, abite avè l nan fèm kay. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.