Kenny Haïti Tonbe 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
kenny haïti tonbe 

Atis Kenny Haïti sòti nan kòmansman mwa janvye a, videyo mizik Tonbe, ki sou dènyè album li ki rele Versatile, ki te sòti nan mwa dawout ane pase an. 

Kenny Haïti deside fè fanatik yo demare ane 2023, ak gou yon bel videyo mizik. Sou yon rit afwopop, Kenny ap rakonte kijan li damou yon fanm, jan l santi li byen lè li bò kote l, kijan sa ba l pwòblem toutotan li poko tande vwa fi sa, e fè l konnen tou, se selman limenm li vle kòm fanm. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 » Tout tan m poko tande vwa w lespri m poko free(…) kè mwen fèmen pou lòt yo pou ou selman l ouvri. » 

Nan videyo sa ki gen yon dekò sonb ak limyè tamize, nou ka wè fanm nan se yon bèl nègès wo, mens, bèl kò, cheve koupe, k ap bay payèt devan atis la epi bay lòlòj li rezon pou l vire vre. Fanm sa li rele « Ti manman » sanble dous anpil, paske atis la mande l vinn jwenn li pou l goute nan myèl la, paske bouch li pèdi gou. 

« M tonbe, m tonbe damou fou tande, m tonbe m tonbe damou fou tande. (…) Se komsi m nan denye etaj m strese. M paka leve, senti m kase pou lanmou. M tonbe fò pou ou. » 

Kenny kontinye chante pandan l ap fè lwanj fanm nan, kò li, epi di l jan l kapab trete l byen epi batay pou li. « Baby yo body so nice oh(..) for you i’m gonna fight oh. »  

Videyo a fini avek atis la, k ap byen pase nan bra fanm nan. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.