Etazini pa pataje lide pou sòlda pa l ta fè entèvansyon an Ayiti 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
etazini pa pataje lide pou sòlda pa l ta fè entèvansyon an ayiti 

Anviwon de mwa aprè, dosye Ayiti a toujou ap diskite nan pi wo nivo nan kominote entènasyonal la. Etazini, prensipal peyi k ap mennen dosye sa, pa konte mete sòlda pa l nan fòs miltinasyonal sa ki kapab debake nan peyi a pou vin konbat gang yo. 

Etazini toujou apiye lide pou gen entèvansyon yon fòs miltinasyonal an Ayiti pou vin mete fen ak vyolans gang yo ki jounen jodia reprezante yon menas pou sekirite enteryè peyi Etazini avèk kantite migran k ap debake sou fwontyè ameriken an chak jou pi plis. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Administrasyon Biden lan kontinye ap diskite ak lòt peyi nan rejyon an prensipalman pou jwenn yon peyi pou pran tèt misyon sa, ak sila yo k ap mete disponib twoup pou fòs miltinasyonal sa ki sipoze debake nan peyi a. 

Daprè otorite peyi Etazini yo, yon fòs anviwon 2500 militè ak polisye kapab sifi pou sekirize pò yo nan peyi a epi asire sekirite machandiz yo sou teritwa a. Men jiskaprezan, okenn nasyon poko anvizaje mete twoup disponib pou misyon sa. 

Kanada ak Brezil deja voye jete ofisyèlman posiblite pou ta voye twoup nan fòs miltinasyonal sa. Voye sòlda an Ayiti se yon misyon ki riske e rezilta yo pa garanti akoz move eksperyans entèvansyon militè etranje genyen nan istwa peyi a. 

Istwa dènye ane yo montre genyen batay kont gang yo an Ayiti pa elimine posiblite pou yo retounen avèk sitou relasyon yo devlope ak Lapolis kowonpi epi elit ekonomik ak politik lan nan peyi an. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.