Evèk legliz katolik yo an Ayiti kanpe an kwa kont desizyon benediksyon koup Omoseksyèl yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
evèk legliz katolik yo an ayiti kanpe an kwa kont desizyon benediksyon koup omoseksyèl yo

Evèk legliz katolik an Ayiti yo adrese nan yon nòt zafè maryaj se inyon lejitim ant yon gason ak yon fanm. Koze bay koup masisi ak madivin benediksyon epi marye yo kòmsadwa a legliz Katolik paka rantre nan anbyans sa.

Jan sa te anonse nan dat 18 desanm lan, Vatikan te otorize pou premye fwa nan istwa yo legliz katolik kapab beni yon koup fanm ak fanm, gason ak gason an deyò maryaj litiji, paske daprè Vatikan, moun sa yo ki regwoupe sèk LGBTQ a genyen gwo pri devan je BonDye, yo dwe jwenn benediksyon legliz menmjan ak tout koup nòmal.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bò kote ansanm Evèk Ayisyen yo, deklarasyon nouvo pwofèt pou kongregasyon lafwa a Mgr Victor Manuel Fernandez siyen an, pa gen anyen pou wè ak misyon legliz katolik.

Dokiman sa ki pote non “Fiducia supplicans”, dwe aplike pou tout legliz katolik. Poutan, legliz katolik an Ayiti kanpe an kwa paske daprè sa yo di, koup masisi ak madivin yo pa lejitim pou resevwa yon benediksyon parèy.

Yon pwotestasyon kiltirèl epi relijye

Si n ap konsidere sijè sa nan yon kontèks kiltirèl epi relijye, lakay Ayisyen yo zafè masisi ak madivin nan pa vrèman konsidere. Nan lane 2020, presizeman nan mwa jiyè, divès Ayisyen te manifeste nan plizyè lari Pòtoprens tankou pwovens, nan sousi pou kontre kare koze legalizasyon sektè LGBTQ sa an ayiti.

Divès gwo chabrak nan Leta a, nan legliz pwotestantis lan, te pran lari pandan seri pwotestasyon sa yo.

Nòt denonsyasyon sa Evèk yo sòti a rantre non sèlman nan sa labib di sou koze maryaj, men tou, sou plan istwa espirityèl, masisi ak madivin pa t janm apresye nan je Bondye tou. Si n konprann byen sa ki ekri nan jenèz 18, aprè vil Sodòm ak Gomò te fin detwi anba kòlè BonDye akòz vye peche, pami yo, OMOSEKSYALITE.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.