Everton kase fe lidè « Premier League » la (1-0)

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
everton kase fe lidè premier league la 1 0

Nan kad 22zyèm jounen Premer League la, Everton siprann ekip Asernal la epi kite zòn wouj la nan klasman annatandan. Toffees yo rive bat Gunners ak yon grenn gòl selman, malgre ekip Arsenal la te gen posesyon balon ak 70% sa pa t anpeche l pèdi. Yon defèt ki ralanti ekip la, ki toujou rete ak 50 pwen nan tèt klasman an. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Arsenal domine ekip Everton nan, men li pèdi 3 pwen pou l te pase ak 53 pwen nan tèt klasman Premier League la. Yon grenn gòl ki make nan 60tyèm minit ak yon kout tèt James Tarkowski, sa ki fè 4yèm vitwa Toffes yo pou sezon sa.

 

Yon match ki pa t parèt difisil pou Asernal, nan posesyon balon an, men jwè M. Arteta yo te jwenn anpil difikilte pou yo rive nan kan advèsè yo a epi kreye okazyon gòl yo. Anplis de sa, Gunners ki te gen gwo difikilte nan mitan teren an fas fomasyon Everton nan ki tap jwe 4-5-1.

 

Arsenal toujou gen 5 pwen sou Manchester City, kap pedale dèyè l. Ekip Guarduola a kapab redwi kantite pwen sa, paske l ap jwe ak Tottenham demen dimanch lan. Arsenal ak Manchester City gen 2 match an reta.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive