Yon bis fè aksidan aprè bandi Kanaan atake l, plizyè moun mouri 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon bis fè aksidan aprè bandi kanaan atake l, plizyè moun mouri (1)

Pòt lanfè louvri nan rantre nò kapital la depi zòn Kanaran, kote bandi ak zam ki fè alyans ak bandi Vilaj de Dye yo depi kèk tan, ap teworize popilasyon an ak tout moun ki pratike wout sila pou ale nan Gran nò peyi a.  

Lendi swa, plizyè moun mouri nan yon aksidan bis sou Wout nasyonal nimewo 1 an, pi presizeman nan zòn Kanaan, aprè bandi te louvri kout zam sou yo akòz chofè a pa t vle kanpe.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon bis konpayi “Rotation” chavire ak prèske yon trantèn moun abò li, nan moman li t ap sòti Ench, nan Plato Santral, nan depatman Sant peyi a, pou rantre Pòtoprens. Lè li rive Kanaran, bandi ak zam ki sou wout la te deside kanpe li pou fouye l, men chofè a pa t deside kanpe epi fè gaz. 

Suit ak sa kriminèl yo louvri kout zam sou veyikil la ak tout pasaje yo, chofè bis la ki rele “Lesly”, nan fè tantativ pou sove vi pasaje yo ak vi pa l, rive fè aksidan epi lakòz genyen plizyè viktim ki resanse, se sa nou aprann. Li mouri tou, men pako genyen pyès presizyon ki bay nan ki kondisyon. Èske se anba bal bandi yo oubyen se nan aksidan? 

Pako genyen pyès bilan ki tabli pa bò kote responsab yo nan konpayi transpò “Rotation”, ki sèlman ka konfime yon gen yon machin yo bandi atake epi ki fè aksidan sou Wout nasyonal nimewo 1, nan wotè Kanaran. 

Malgre teritwa paralize akòz kriz ki lye sitou ak rate gaz la, ensekirite a pa chome nan Pòtoprens ak nan vil pwovens yo. Aprè antre sid kapital la, se tou pa nò a ki tonbe anba men bandi ak zam, ki sou enfliyans chèf gang “Jeff”, yo konnen l sou non sa.  

Aprè plizyè mwa gè ant gang ki gen nan Plenn nan, sitiyasyon an kontinye ap deteryore jiskaske li anpwazonnen tout Wout nasyonal nimewo 1 an. Otorite anplas yo poko janm pwononse yo reyèlman sou sitiyasyon an.  

N ap raple, sòti Kanaran 70, Kanaran 90, pase pran Minotri pou al bout Kabarè, zòn Sous matla, depi plizyè jou bandi ki okipe la yo ap fè gwo presyon sou popilasyon an. Nan zòn Sous Matla yon masak te fè anviwon yon ventèn mò nan lannwit 29 novanm pou al bout 30 novanm 2022 a, nan maten. Kriminèl yo boule plizyè moun ak kay tou. 

Plizyè operasyon lapolis mennen sou premye wout peyi a echwe, sitou nan kèk zòn tankou Site Solèy, Kanaran ak Minotri. Zòn sa yo pa byenvini pou tout moun, si w ale la yo pwobabilite pou atenn objektif ou oubyen pou retounen lakay ou minim anpil. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.