FIFA bay 3 nomine pou pri Puskas pou sezon 2022 a 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
fifa bay 3 nomine pou pri puskas pou sezon 2022 a  (1)

Aprè FIFA fin anonse 3 nomine pou  meyè gadyen ak antrenè a pou FIFA Best la, se tou pa jwè ki te reyalize pi bèl gòl pou sezon 2022 a. Non 3 jwè pou pri Puskas la se Richarlison, Marcin Oleks ak Dimitri Payet. Youn nan jwe sa yo ap soti ak pri a nan seremoni an 27 fevriye.

Nan 2 semen, « The Best Football Awards » ap remèt pri pou meyè jwè yo, gadyen ak antrenè epi pri pou bèl gòl sezon 2022 a. FIFA bay lis 3 jwè ki te fè pi gòl  pou ane 2022 a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Richarlison 

Brezilyen an ki te make yon bèl gòl nan Mondyal la fas ekip Sèbi a, nan yon match faz gwoup, yo pa t pran tan pou entegre l nan lis pou pri Puskas la. Gòl li a te fini pi bèl gòl pou Mondyal 2022 a.

 

Marcin Oleksy

Yon non anpil moun pa konnen, se yon polonè ki se yon jwè k ap evolye nan mond foutbòl enpite a, li manke yon janm, pandan ane 2022 a li te fè yon bèl gòl sizo nan yon match ekip li Warta Poznan t ap jwe fas Stal Rzeszow.

 

Dimitri Payet

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jwè Olympique de Marseille la se 3zyèm moun ki nomine pou pri sa, ak gòl li te make nan kadefinal ale nan Lig Ewopa konferans lan fas ekip PAOK Salonique nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive