Fineray jounalis Maxiben Lazarre chante samdi 19 mas la nan legliz Saint-Yves, nan Delmas 5. Fanmi, zanmi, konfrè kou pwòch, pèsonn pa t ka kenble dlo nan je yo pandan yo te vin di yon dènye orevwa ak jèn gason sa.
Jan mèt Arneld Rémy, ki se avoka fanmi an, t anonse l la, antèman fotojounalis Maxiben Lazarre fèt jodi a nan pawas Saint-Yves. Anpil moun – pami yo, plizyè konfrè laprès – te prezan nan seremoni sila ki te sitou make pa kout rèl ki pote mak dezolasyon divès moun ki pa ka dijere gwosè pèt sila.
Nan fen seremoni an, ak yon tristès ki terib, anpil nan yo te chante : « Yo ba nou kou a, kou a fè nou mal oo (3fwa) Agwe Agwe papa, n ap pare tann yo » epi lanse anpil pawòl piman bouk kont lapolis ak leta ayisyen. Gen nan yo ki fè konnen se yo k leta tèt yo.
Fotojounalis Maxiben Lazarre te tonbe anba bal lapolis jou ki te 23 fevriye 2022 a pandan l t al kouvri yon manifestasyon ouvriye yo t ap fè pou reklame 1500 goud kòm salè minimòm. Antèman l chante san otopsi pa fèt, sa ki ka nui bon dewoulman ankèt la selon sa avoka fanmi an te denonse 3 jou anvan.
Mèkredi 9 mas la, divès konfrè te pran lari a pou mande jistis pou fotojounalis la epi denonse zak sa kòm yon atent grav nan dwa jounalis yo genyen pou ekzèse metye yo lib e libè nan peyi a.
N ap raple, Maxiben Lazarre se twazyèm jounalis ki pèdi lavi l, nan sèlman kòmansman ane 2022 a, aprè yon gang k ap opere anndan Laboule 12 te fin wete lavi Wilguens Louissaint ak Amady Jhon Wesley.