Fineray Odette Roy Fombrun se pou jodi 27 desanm nan

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
fineray odette roy fombrun se pou jodi 27 desanm nan

Madi 27 desanm nan se dat fineray Madam Odette Roy Fombrun, ki kite tè sa vandredi 23 desanm pase a sou kabann lakay li, nan prezans pwòch li yo.  

Ak 105 lane epi 6 mwa, istoryèn nan pati etènèlman epi byen trankil bò 9è28 nan maten, daprè sa pitit fi l, Marie Claude Bayard rapòte sou rezo sosyal yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kounya, antèman Mapou a ap chante nan legliz Sen Pierre jodi 27 desanm 2022 a, nan komin Petyonvil apati 11è nan maten. Men avan sa, bò 9è30 nan maten ap gen salitasyon depouy ak fanmi defen an. 

Dwayen, ekriven, pwofesè, istoryen ak edikatris, Odette Roy Fombrun te konsakre tout vi l ak edikasyon, sitou sila ki pi jèn yo. Epi li te menm konn fè zèv atravè Fondasyon Odette Roy Fombrun, ki kreye nan lane 2007 nan tèt kole ak pitit li yo. Fondasyon sila chita kò l sou konbit, edikasyon sivik ak patrimwàn. 

N ap raple, ORF fèt 13 jen 1917 nan Pòtoprens, swa de lane aprè kòmansman okipasyon amerikèn 1915 lan, li mouri ak 105 lane nan fen lane 2022 a. Li se youn nan gwo Mapou ki pa rive wè nouvèl ane a, menm jan ak chantè-konpozitè ak mizisyen Michaël Benjamin alyas Mikaben, 15 oktòb pase a, suit ak yon malèz pandan yon konsè CARIMI nan peyi Lafrans. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.