Foutbòl lè nou te timoun – eske n sonje ?

Revital Lynch
ParRevital Lynch
foutbòl lè nou te timoun, èske n sonje

Lontan depi w se ti gason ou toujou renmen jwe foutbòl, se toujou yon plezi pou w nan ekip ap jwe nan chanpyona sou katye a. Se la w ka fè ti mennaj ou wè sa w vo, se la w ka fè ti mennaj tou. Men souvan, foutbòl se pou plezi l te konn jwe, depi gen yon zanmi ki gen boul, gen yon teren oubyen yon lakou lekòl, nan wikenn oubyen nan moman vakans foutbòl mete pye. Ekip NetAlkole Media a te pran tan resanse onz bagay ki te toujou make moman jwèt foutbòl sa yo. Ann al gade ansanm…

1- Gadyen an : Se toujou moun ki pi gwo a ki anba kan an, konsa tou li kapab moun ki pi pa konn jwe a (ploum lan), men fòk se li ki vini ak balon an. N ap raple w ke mèt balon an se li ki FIFA, li FHF, li ki VAR e menm abit tou…

- Advertisement -
Ad imageAd image

2- Dire match la : Si pa gen ekip dèyè, gen de ou twa bagay ki ka koz match la fini. Premye a se si tout jwè yo fatige, dezyèm lan se si gen youn nan jwè enpòtan yo paran l vin mete men sou li paske yo voye l lontan li bliye sa epi match la pran nanm li. Konsa li gendwa ale epi lòt ekip la deside mete jwè ki pi kreten an deyò, epi tou de ekip yo vin egalego. Twazyèm lan se si mèt ballon an fache, la se moun ki fè l fache a ki pou mande padon e se si bòs la asepte tou.

3- Abit : Match sa yo souvan pa gen abit, se aprè gwo diskisyon pou rive gen yon akò sou kèk fot 4- Penalite : Fot la konn fèt anndan kare a, lè se sou yon bon teren, depi l pa yon fot grav pa gen penalite, konsa tou se aprè yon gwo diskisyon kote anpil jwè ap rantre nan pati entim manman pa lòt ak anpil lòt mo dwòl fin repete yo konn dakò e si l gòl konn menm gen rechoute.

4- Pi bon jwè : Lè gen plizyè bon jwè tankou de, yo tou de pa ka nan menm ekip e anplis se chak bon jwè sa yo ki bati chak ekip pa yo.

5- Chwa ekip yo : Depi w pa twò konn jwe, se ou y ap chwazi an dènye e se si pa gen lòt jwè. Ou mèt te premye moun ki vini sou teren an w ap tann ekip dèyè a. Si pa gen lòt jwè e pa gen nèg ki twò gwo, se ou ki pral jwe wòl gadyen an, malè a ou si ekip la pran gòl, sinon se dènye fwa w monte teren.

6- Ranplasman : Se de fason yo ranplase jwè nan match sa yo, si youn nan jwè yo ale, tankou l pa kapab ankò, oubyen manman l vin arete l sou teren an, epi lè w pa konn jwe, depi yon bon jwè vini ploum lan desann bay bon jwè a plas la.

7- Depi boul la kite limit teren an, se moun ki voye l deyò a ki dwe al chèche l. Si l rantre nan lakou vwazen an, depi gen chyen degaje w frape mande l silvouplè pou ba w chans antre pran boul la, sinon ou mèt asire w ou gen yon boul pou w remèt e lè sa se tout foutbolè katye a ou dwe boul sa.

8- Blese : Tout moun mèt ap jwe men pati sa se pati pyès jwè pa p dakò a pou yon lòt jwè ta blese l oubyen dejwente pye l, ka gen goumen paske lè l rive lakay gen eksplikasyon pou bay e gen baton tou ki konn bay.

- Advertisement -
Ad imageAd image

9- Ekipman : Pa gen ekipman, tout moun jwe ak mayo sou yo, souvan ekip ki pran premye gòl la retire mayo pou yo ka distenge ekip yo.

10 – Pi bon jwè a toujou nan menm ekip ak mèt balon an, si l pa ka konsa ou mèt sèten pap gen match ankò.

11- Rezilta match : Se bagay ki pi difisil la, si youn nan ekip yo pa t deja gen plis avantaj gòl, depi match la nil, se ekip ki make dènye gòl la ki genyen match la, sa pral depan paske diskisyon konn mete pye.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Tout moun ki ta pase timoun, ki te konn jwe foutbòl konn moman sa yo. Se kèk bèl souvni lè n te timoun, kèk moman pandan w ap li atik sa ki fè w fè yon ti souri. Rakonte pitit ou, ti fanmi w bèl moman sa yo paske tradisyon sa yo prèske fin ale.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.