Kidnape depi vandredi 14 oktòb 2022, sou wout Frè a, nan komin Petyonvil, kouzen defen chantè a, Michael Benjamin, ki se Frédérick Dupoux, jwenn liberasyon li byen ta nan aswè madi 18 oktòb 2022 a anba grif kodnapè san fwa ni lwa.
Nouvèl la konfime maten mèkredi 19 oktòb la nan jounal « Premye Okazyon » an sou antèn radyo Caraïbe FM. Toutfwa pa gen okenn detay ki disponib sou liberasyon kouzen defen an, pyès enfòmasyon pa disponib sou ranson ki vèse a, oubyen si pa gen ranson ki bay tou.
Se yon soulajman pou fanmi Benjamen ak Dupoux aprè liberasyon Frédérick Dupoux, ki konfime byen bonè maten mèkredi a sou antèn Radio Caraïbes FM.
Viktim nan se Kouzen, zanmi, parenn maryaj Mikaben tou, li te kidnape depi 14 oktòb 2022.
Daprè enfòmasyon ki disponib, fotograf la te viktim kidnapin sa a sou wout Frè a, nan komin Petyonvil, depatman Lwès peyi a.
Li te pase omwen 5 jou nan kachèt gang yo jiskaske l jwenn libète li 2 jou aprè Joseph Zény (Ti Joe) te kriye pou li libere.
Toutfwa, li enpòtan pou n raple w pyès detay poko rive jwenn redaksyon nou an sou liberasyon kouzen defen atis la.


