Alòske chak jou pi plis peyi a ap trepase anba zak banditis ki tabli kò yo tout kote, jounal ameriken Miami Herald fè nouvo revelasyon sou mòd operatwa gang ak zam yo nan kapital la Pòtoprens, pami kèk lòt zòn. Li fè konnen gang yo vin pi sofistike de jou an jou nan metòd yo itilize lè y ap poze zak malonèt yo sou popilasyon sivil la.
“Gang yo an Ayiti vin pi sofistike de jou an jou, yo fòse plizyè pwòch otaj yo bay lajan plizyè fwa anvan yo lage yo, epi yo sèvi ak dwòn pou swiv viktim yo anvan yo kidnape yo”, se sa nou ka li nan kolòn jounal Florid la.
Kòm ekzanp, nan yon entèvansyon l te fè sou rezo sosyal yo, youn nan chèf gang k ap kontwole teritwa a, Izo ki nan Vilaj de Dye, te deklare li gen dwòn ak kamera siveyans ki plase nan prèske tout rakwen 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan pou ale pi lwen toujou.
E li souvan fè lwanj de gwo zam ak ekipman li genyen, dè fwa li konn menm afiche l ak inifòm ki gen ensiy PNH la sou li.
N ap raple, kriminèl san fwa ni lwa yo, k ap kòmande kapital la Pòtoprens, ap itilize plis estrateji nan lari a pou fòse pwòch viktim yo bay gwo sòm lajan pou libere yo, yo konn menm bat yo, matirize yo oubyen vyole yo.
Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pa bò kote pa l manke mwayen pou konbat fenomèm banditis la sou teritwa a, yo manke bon jan materyèl ak ekipman pou fè bon jan entèvansyon kont òlalwa yo nan fyèf yo.
Facebook Comments