NETALKOLE

Gouvènman ayisyen an entèdi medya yo difize Koup di Monn lan  sou rezo sosyal yo

Gouvènman  Ayisyen an, nan yon  nòt pou laprès ki pibliye nan dat Jedi 24 Novanm 2022 a entèdi medya yo difize Mondyal la sou rezo sosyal yo. Se Ministè Kilti ak Kominikasyon an ki fè anons la. 

Nan nòt sa a, Ministè Kilti ak Kominikasyon an enfòme medya k ap difize koup di monn 2022 a, k ap fèt nan peyi Kata jiska 18 desanm 2022, yo pa kapab epi yo pa dwe, nan okenn sikonstans, difize match yo sou rezo sosyal (YouTube, Facebook, Instagram, elatriye). 

Daprè sa Ministè Kilti ak Kominikasyon an fè konnen  dwa Ayiti limite sèlman pou difize koup di monn lan nan televizyon. Nan sans sa a, Ministè Kilti ak Kominikasyon (MCC) an di li konte sou konpreyansyon tout moun. 

N ap raple, gen anpil medya tradisyonèl ki bay koup di monn nan sou rezo sosyal yo patikilyèman Facebook. 

 

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 de 1 075