Revelasyon yo pa sispann fèt swit ak divès mobilizasyon ki te gen nan lari a kont pouvwa an plas la ki gen nan tèt li Ariel Henry. Daprè Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH), prezans chèf gang G9 an Fanmi e Alye a, Jimmy Cherizier alyas Babekyou, nan manifestasyon yo se zèv pouvwa an plas la pou fè divèsyon.
Direktè ekzekitif RNDDH la, Pierre Espérance revele se Ariel Henry ki peye chef gang lan pou l pran lari a nan lide pou kraze mouvman pèp la, ak tout kredibilite l.
Plizyè milye moun te pran lari a vandredi 16 septanm pase a, pami yo Babekyou, ki te sòti anndan Site Solèy avèk yon pakèt nèg ak zam. Misyon l se te simaye konfizyon nan lari a epi pou pèmèt entènasyonal la jwenn yon diskou ki minimize revandikasyon pèp la.
Mesye Espérance detaye pou di, 17 Oktòb 2021 pase Ariel Henry te bay gang G9 yo plis pase 30 milyon goud pou l te ka rann li Pon wouj, pou te al rann yon omaj ak papa nasyon an Jean Jacques Dessalines, ki te asasinen nan dat sa.
Pou Pierre Espérance se menm estrateji an gouvènman PHTK twazyèm vèsyon an itilize avèk lidè G9 an Fanmi e Alye a, ansyen polisye Jimmy Cherizier, pou jwenn rezilta l t ap chèche a : kraze mobilizasyon ki gen kont li yo.
N ap raple aprè prestasyon sila yo ki te kòmanse depi mèkredi pase, entènasyonal la pat pran tan pou te limen pwojektè l sou gang yo an Ayiti pito sou revandikasyon popilè a.
Sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres nan yon entèvansyon sou France 24 ak RFI, te reponn sou sitiyasyon peyi a, Nasyonzini t a dwe sibvansyone fanmi yo pito, se pa gaz la. Li te tou pwofite tòde kò l epi fè konnen nan ka pa Ayiti a Konsèy sekirite a te chita ansanm epi deside se bon jan fòmasyon pou lapolis la pran, paske l paka batay avèk gang yo sou teritwa. Yon diskou plizyè lòt peyi pami yo Lèzetazini kenbe tou.

