“Se aktè ekonomik k ap finanse dezòd aktyèl yo an Ayiti”  

Pooshy Rosana
Par
Pooshy Rosana
Rédacteur
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.
- Rédacteur
“se aktè ekonomik k ap finanse dezòd aktyèl yo an ayiti”  

Juan Gonzalez, ki se direktè prensipal Konsèy sekirite nasyonal pou emisfè oksidantal la ak asistan prezidan ameriken an Joe Biden, deklare sèn vyolans k ap dewoule aktyèlman nan peyi d Ayiti yo, plonje pèp la nan kawo ak anachi. Se aktè ki nan sektè ekonomik la k ap finanse mouvman briganday sa yo, daprè li menm.  

Ayè lendi 19 septanm nan, diplomat la fè konnen peyi ki nan Karayib yo opoze ak rediksyon 400 milyon dola sibvansyon gaz la. Gouvènman ayisyen an anonse rediksyon sibvansyon gaz tankou dyezèl, pwopàn ak gazolin nan ponp yo akòz pri yo monte. 

“Se souvan moun ki pap viv nan peyi a, ki gen gwo kay nan lòt peyi nan mond lan, k ap finanse dezòd an Ayiti yo epi peye moun pou pran lari”, se sa Gonzalez revele nan jounal Miami Herald. 

Pandan konvèsasyon an, responsab pou Amerik latin ak Karayib nan administrasyon Biden nan di pa gen okenn solisyon mirak pou rezoud kriz an Ayiti an, pou kounya administrasyon Biden nan plis konsantre l sou yon vrè dyalòg ant aktè yo pou Lèzetazini ka ede popilasyon an avèk èd yon polis ki ranfòse. 

- Advertisement -
Ad image

“Solisyon Ayiti a pa fasil. Mwen panse jis paske n kite Ayisyen yo pou yo jere pwoblèm yo, sa vin pi grav, yo inyore sa epi sitiyasyon peyi a ap vin pi mal. Lontan Lèzetazini te konsantre sou eleksyon kòm rezilta, jounen jodi a li plis konsantre sou pwomosyon dyalòg.” 

“Reyalite moman, kòman pral fè gen eleksyon an Ayiti ? Se pa wòl nou sa, men…nan moman sa, si w gen eleksyon se petèt 5% moun k ap vote sèlman. Menm jan ak nan tan pase yo, moun ki t ap dirije yo, se sèlman 10% moun ki te vote yo. Èske se sa ki lejitimite a ?”  

Juan Gonzalez rekonèt toutfwa èd Lèzetazini bay yo pa janm ka rive jwenn kominote yo ki an Ayiti akòz se gang yo k ap kontwole tout wout ak kominote yo pa bò isit.  

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.