Gwo manifestasyon nan Miragwàn kont lèt blam ministè jistis bay komisè Muscadin an

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
gwo manifestasyon nan miragwàn kont lèt blam ministè jistis bay komisè muscadin an

Jounen madi 19 desanm lan, popilasyon jiridiksyon Miragwàn nan foule beton an pou egzije lajistis retire lèt blam yo te voye bay komisè Jean Ernest Muscadin an, aprè takotak li menm avèk komisè jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond.

Efektivman, aktyèl minis jistis la, Emmelie Prophète, te adrese 2 lèt blam ak 2 komisè yo ki daprè li pwouve yon mank pwofesyonalis nan kad travay y ap egzèse kòm komisè gouvènman. Nan kout je redaksyon an fè sou 2 lèt yo, ministè jistis blame komisè Miragwàn lan paske li pa t gen pyès akreditasyon pou l te mennen yon operasyon ki si enpòtan konsa nan yon jiridiksyon li pa p dirije.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan sans sa, popilasyon Miragwàn lan fache kou kong. Daprè sa yo di, minis Emmelie Prophète anvizaje livre Miragwàn ak alantou l yo bay bandi

Yo te plis pase yon santèn abitan komin sila ki te mache nan plizyè rakwen. Plizyè pawòl piman bouk t ap klewonnen nan kad manifestasyon sa pou egzije lajistis wè bagay yo pito an favè komisè gouvènman Miragwàn lan.

Yon lòt bò, yo mande pou minis Emmelie Prophète kite ministè l ap dirije a pou enkonpetans ak sitirè gang, daprè ansanm deklarasyon yo.

Malgre tan an t ap fè demwazèl, pwotestatè yo pa t mete dlo nan bouch yo pou denonse minis jistis la ki daprè yo menm pa ekri an favè komisè Jean Ernest Muscadin.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.