Gwo Mòn : 9 moun pèdi lavi yo, plizyè lòt blese aprè yon aksidan sikilasyon 

Ravensley Boisrond
Par Ravensley Boisrond
gwo mòn 9 moun pèdi lavi yo, plizyè lòt blese aprè yon aksidan sikilasyon 

Nan yon aksidan sikilasyon ki te fèt nan aswè vandredi 4 novanm pou rive samdi 5 novanm 2022 a, nan Gwo Mòn, komin depatman Latibonit, omwen 9 moun mouri, plizyè lèzòt blese. Orijin trajedi sila a daprè kèk temmwen, se ta yon kamyon ki t ap transpòte pasaje, pami yo « Madan Sara » ki soti nan Komin site a pou rive Pòtoprens, abitan temwen yo ta menm fè konnen tou kamyon an te chavire nan dlo 3 rivyè yo. 

Yon kamyon k ap transpòte « Madan sara » ki t ap soti Gwo Mòn (Latibonit) pou rive Pòtoprens chavire nan dlo 3 rivyè. 

Daprè dènye bilan ki te mawonnen sou rezo sosyal yo, 9 moun mouri, yo p at ka konte blese, daprè enfòmasyon plizyè medya nan kapital la te rapòte. 

Evènman an te fèt aprè chofè a te refize pon « Dumeuse » la, ki te tonbe pandan plizyè mwa pou eseye travèse dlo twa rivyè yo. 

Anplis mò yo, plizyè konpatriyòt soti blese, daprè enfòmasyon ki disponib. 

Abitan yo te toutswit kreye dilijans pou te mennen viktim yo  nan yon lopital touprè a, sila a yo ki te blese yo te kòmanse resevwa laswenyay nesesè pou evite plis sezisman. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia