Harry Kane : 266 gòl, meyè bitè Tottenham, toujou 0 twofe ! 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
harry kane 266 gòl, meyè bitè tottenham, toujou 0 twofe ! 

Harry Kane frape ankò pou Tottenham. Atakan Anglè a fè yon gòl ki pèmèt Spurs yo bat Fulham (1-0). Kane tou egale rekò pi bon bitè nan istwa ekip Tottenham nan. 

Pa gen moun ki make plis gòl pou Tottenham pase Harry Kane. Ak gòl li fè anfas Fulham nan, kapitèn Twa Lyon yo rejwenn Jimmy Greaves nan tèt klasman pi boSœurs nan tout istwa Spurs yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kounya, bitè Anglè ki pi pwolifik nan jenerasyon l lan totalize 266 gòl sou koulè klèb Londonyen an. Nan kèk tan ankò l ap kare kò l pou kont li nan tèt klasman sa e l ap mete l rekò l pito.  

Malgre tout kantite gòl sa yo l ap make,  Harry Kane poko janm soulve yon twofe nan karyè pwofesyonèl li. Li pa kite ekip Tottenham nan malgre anpil gwo òf li jwenn. Yo menm di Manchester United ak Bayern Munich bezwen sèvis li. 

Se yon gwo dilèm pou yon bitè nan ran Harry. Kounya li se pi bon bitè istwa klèb la ak seleksyon l, men nou konnen tit kolektif yo pi enpòtan. Èske l ap pran youn ak Spurs yo ? Èske se lè l kite Tottenham l ap resi pran youn ? 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.