Lemond p ap sispann siprann nou ak yon kalte istwa ensolit. Nan vil Houston, Ozetazini, gen yon anplwaye restoran ki rive depoze pati jenital li nan manje moun ap manje. Jès sa pèmèt yo rive mete men sou telefòn li epi dekouvri li se yon predatè seksyèl.
Othello Holmes, yon nom 27 lane, ap fè fas ak Lajistis peyi Etazini. Aprè l te fin mete peni l nan manje nan restoran kote l ap travay la, yon ankèt te ouvri sou li, sa ki te mennen yo sezi telefòn li. Se la yo ta pral konnen ak ki kalte predatè seksyèl yo annafè. Pwoblèm grenn nan manje se ti pwoblèm devan sa l ap konfwonte ak Lajistis kounya.
Selon KPRC, Othello gen 5 chèf akizasyon sou do l ki mele posesyon pònografi jivenil ak agresyon endesant. Restoran kote pwoblèm sa yo te kòmanse a deja kraze yon kite sa ak Othello Holmes yo trete de “pedofil danjere” nan yon nòt yo soti.
4 avril, direktè restoran Kulture nan Houston denonse jèn gason an bay otorite yo pou zak li a aprè yo dekouvri li nan imaj videyo siveyans. Othello te rekonèt li te mete peni l nan yon jele men li te kanpe avan menm li ejakile. Li rekonèt tou li gen pwoblèm ak pilsyon seksyèl li, depi nan pase l, epi li mande èd pou sa.
15 avril, li dakò yo fouye telefòn li nan kad ankèt la. Otorite yo di yo byen kontan tonbe sou imaj sa yo epi ankete sou misye paske sa yo jwenn nan telefòn li yo orib. Sa te fè yo jwenn yon manda pou l parèt devan jij pou sa yo dekri tankou pònografi jivenil. Yo menm panse li te konn maltrete jèn yo a yon moman.
Yo tonbe sou plis pase 100 imaj ak 5 videyo. Genyen yon kapti ekran kote yo jwenn Holmes k ap deklare jan l renmen gen aksè ak timoun. Nan imaj yo gen minè, timoun piti kou adolesan, ki nan rapò seksyèl. Gen youn nan imaj yo ki gen predatè a li menm k ap karese tèt li pandan li kouche bò kote yon timoun ki gen anviwon 6 lane.
Kote pa restoran an, yo te fèmen tout sèvis yo menm jou a. Anplis, yo te jete tout manje. Pèsonèl kizin yo netwaye ak esterilize tout materyèl y ap sèvi. Yo deklare yo pa t okouran de zak inakseptab Holmes la ki pa mache ak kòd konduit yo. Yo fè konnen y ap amelyore sistèm kamera yo.
Pou kounye a, Othello Holmes fèmen nan Harris County Jail la. Yo fikse kosyon l lan a 50 000 dola vèt pou chèf akizasyon pònografi jivenil yo.
Source Photo: Fox 26 Houston