Joan Laporta vle pwolonje kontra Xavi nan ekip FC Barcelone lan 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Photo : afriquesports

Prezidan FC Barcelone lan, Joan Laporta, anvizaje pwolonje kontra Xavi Hernandez kòm antrenè ekip la malgre sezon miwo miba l ap fè an kote yo elimine depi byen bonè nan tout konpetisyon ewopeyèn yo. 

Antrenè katalan an ki toujou poko ka remete Blaugrana yo nan pi wo nivo foutbòl ewopeyen an, jwenn soutyen administrasyon FC Barcelone lan avèk Laporta ki manifeste volonte pou kenbe l nan tèt la toujou. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Prezidan FC Barcelone lan kontinye kwè nan pwojè Xavi an kote li anvizaje pwolonje kontra ansyen mitan tèren katalan an k ap gen pou bout nan mwa jen 2024 malgre echèk repete li yo nan konpetisyon ewopeyèn yo. 

« Mw deja anvizaje sa, menmsi nou pa genyen Liga a. […] Nou dwe rekondi l paske li konn klèb la e l ap defann estil otantik jwèt Barça a », yon bout nan deklarasyon Prezidan FC Barcelone lan sou dosye sa. 

Si katalan yo kontinye rete lidè Liga a avèk 9 pwen sou rival li Real Madrid, sou sèn ewopeyen an se yon katastwòf pou yon dezyèm sezon youn aprè lòt kote yo elimine nan ni Lig dè Chanpyon, ni Europa League.  

Xavi Hernandez ki te rejwenn klèb katalan an kòm antrenè aprè 17 sezon pase kòm jwè foutbòl sou koulè Blaugrana yo, te genyen pou misyon remete katalan yo nan somè foutbòl ewopeyen an, prensipalman Lig dè Chanpyon. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.