Kalandriye Violette AC pou Concacaf Champions League la konfime  

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
kalandriye violette ac pou concacaf champions league la konfime  

Violette Athletic Club pral patisipe nan Concacaf Champions League nan lane 2023. Enstans foutbòl rejyonal konfime kalandriye 2 match ekip Violette la ap gen pou l jwe nan kad uityèm de final konpetisyon an. 

Nan mwa me 2022 a, Violette Athletic Club ranpòte Koup Karayib klèb devan Cibao FC nan vil Santiago de los Caballeros. Sa te ba l dwa pou l al jwe Concacaf Champions League, pi gwo konpetisyon ki fèt pou klèb yo nan rejyon Concacaf la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Enstans lan fenk mete deyò jou, lè ak kote Vye Tig la pral jwe 2 match uityèm de final li yo n’ont Austin FC. Match ale a ap fèt jedi 7 mas 2023 nan Estadio Cibao ki chita kò l nan peyi Sendomeng. Se nan stad sa menm pwoteje Rony Attimy yo te soulve twofe chanpyon Karayib la. 

Pou match retour a, ekip Violette la ap gen pou l rann ekip Austin FC a vizit nan peyi Etazini. Match sa ap fèt jedi 14 mas 2023 nan Q2 Stadium nan. Se premye fwa 2 ekip sa yo ptal kwaze nan konpetisyon an, dayè ekip Austin nan ki fòmè an 2019, pral konnen premye patisipasyon l.  

Fòk nou raple nan lane 1984, epòk konpetisyon sa te rele Concacaf Champions Cup, Violette Athletic te ranpòte konpetisyon sila a. Se 5è fwa Vye Tig la pral toke kòn ak pi bon ekip nan zòn nan nan kad konpetisyon sa. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.