NETALKOLE

Kanapevé : Bandi ak zam kidnape reveran pè Lex Florival ki se tou direktè lekòl ENAM 

Plizyè bandi ak zam san manman kidnape yon reveran pè sou wout Kanapevé a wikenn pase, Lex Florival se direktè yon lekòl pwofesyonèl, li genyen tou plizyè lekòl klasik li konstwi pou timoun li pran san laswenyay kap dòmi leve nan lari yo nan sousi pou reedike yo kòmsadwa. Se jounalis Theriel Thelus ki konfime nouvèl la sou paj facebok li. 

Plizyè elèv ak etidyan li, mande liberasyon pè a san kondisyon paske dapre sa yo di, li abandone tèt li pou l sove lavi tchyovi yo,  » Se timoun lari yo yo kidnape, Se jenès la yo kidnape, Se fanmi l fanmi tout elèv yo yo kidnape, paske si l pa la bagay yo pap mache » se sa a nou te kapab li nan yon mesaj yo adrese ak prezantatè « Ti Koze Ak TT » a. 

Pandan yon bon bout tan, ka kidnapin yo te rekonèt yon silans total gras ak operasyon lapolis la ki te byen tanmen, se depi PNH la fè ti neglijans sou operasyon yo mesye yo re kòmanse vye pratik yo a. Toutfwa, nou pap rann fòs lòd yo koupab de remonte kidnapin nan andedan peyi a men si ekip cha « Team A Galil » la ak rès vanyan sòlda yo ta re met pye yo atè, omwen pèp la ta va espere ane lekòl la ane sa garanti. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire