Kanaran dòmi leve san dlo, abitan yo lanse yon SOS

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Photo : OIM/Emily Bauman

Abitan Kanaran yo lanse yon SOS bay otorite zòn nan akòz y ap fè fas ak yon mankman dlo depi yon bon bout tan, yo mande otorite lapolis yo èd pou pèmèt kamyon yo pase pou distribye dlo nan katye a kòm sadwa. 

Akoz vyolans ak pwopagasyon ensekirite gwoup gang yo kreye nan katye Kanaran 2, 3 ak 50 epi lòt zòn ki antoure l yo, rezidan yo nan difikilte anplis de sa, yo oblije rete lakay yo. Zòn sa yo fè fas ak yon mankman dlo, daprè sa sitwayen yo di nou. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Pifò nan rezèvwa yo sèk. Se yon sèl tank ki disponib, nou ogmante pri a. Yon veso 5 galon vann jiska 50 goud,” selon sa a yon rezidan lokal di nou. 

« Kamyon yo pa ka delivre dlo paske wout yo bloke epi bandi yo kenbe chofè yo pou anpil ranson. Lè nou rele yo, yo kategorikman refize vini a nenpòt ki pri, » yo kontinye. 

Anplis de pwoblèm dlo pi a, aksè a dlo pou bwè se yon lòt. 

Devan sitiyasyon an, abitan yo ap mande pou lapolis akonpaye kamyon yo pou fasilite pasaj yo. 

Kòm yon rapèl, depi kèk tan gwoup gang yo pran an otaj plizyè zòn sa yo kote yo tabli epi komèt krim yo vle devan 2 na wè otorite lapolis yo ak gouvènman Ariel Henry a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.