Kèk ide aktivite familyal pou yon dimanch memorab an Ayiti ensekirite a anpeche

Ravensley Boisrond
Par
Ravensley Boisrond
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia
kèk ide aktivite familyal pou yon dimanch memorab an ayiti ensekirite a anpeche

Jou dimanch se yon jou kote fanmi yo ka reyini ansanm epi pase tan ansanm. An Ayiti, gen anpil aktivite amizan ak edikatif pou tout laj koze ensekirite a anpeche. Men kèk ide aktivite ou te ka fè ak fanmi w pou yon jounen dimanch ki memorab nan peyi a.

Ou te ka byen anvi vizite yon galri ki ekspoze tablo ak fanmi an, paske Ayiti gen yon istwa kiltirèl rich ak atizay inik. Lè w vizite yon galri atizay, ou ka dekouvri travay atis lokal yo epi aprann plis sou kilti ayisyen an. Timoun ou yo ka pran plezi eksplore diferan ekspozisyon yo epi poze gid yo kesyon pou aprann plis, men ou pè soti akoz ensekirite gang yo enpoze, ou ret kwense lakay ou ak fanmi an.

Ou te ka al nan plaj wi ak fanmi an, men gang yo bloke tout wout ki mennen nan lye sa yo, alòske plaj se yon destinasyon popilè pou fanmi an Ayiti. Al sou yon plaj ak fanmi w se t ap yon kote ideyal pou timoun ou yo detann yo epi jwi solèy la. Timoun yo ka pran plezi jwe nan dlo a ak bati chato sab, pandan granmoun yo ap detann yo nan admire lanmè a ak bwè dlo kokoye, manje pwason griye, lanbi pou n site sa yo sèlman. Men ki kote ou ap pase ak fanmi an, gang ak zam yo bloke tout gran aks yo.

Sof sa ou ka fè ak fanmi an yon jou dimanch kounya se jwe jwèt tradisyonèl yo lakay ou, sof si bri bal pa p fè kè w kase ak kouri kite kay ou, men toutfwa Ayiti gen yon istwa rich nan jwèt tradisyonèl yo ki toujou jwe jodi a. Timoun yo ka pran plezi jwe jwèt tankou : jwe fisèl, oswa jwe boul, jwe marèl, fè lago kache, oslè, domino…, granmoun yo ka patisipe tou epi aprann plis sou kilti ayisyen an.

- Advertisement -
Ad image

Lòt bagay ankò se kwizine ansanm.

Kwizin ayisyen an rekonèt pou pla pike li yo ak pla tradisyonèl yo. Lè w kwizine ansanm ak fanmi w, ou ka aprann prepare pla tankou griot, diri kole, oswa makawoni gratine. Timoun yo ka ede prepare engredyan yo tout pandan granmoun yo ap pataje souvni gastronomik anfans yo.

Poun fini, gen anpil aktivite amizan pou fè ak fanmi ou. Si w ap vizite yon galri atizay, pase jounen an sou plaj la, jwe jwèt tradisyonèl yo, kwit manje ansanm, gen yon bagay pou tout moun. Pwofite dimanch sa ak fanmi w pou w kreye souvni inoubliyab ou yo, malgre sitiyasyon peyi a.

Netalkole Medya swete w pase yon bon dimanch ramo ak fanmi w.

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia