Kèk rezon ki koz mizik tradisyonèl yo disparèt an Ayiti

Revital Lynch
ParRevital Lynch
source Image : Haiti Music

Koze kilti ak tradisyon an Ayiti pa bay fyète pou pale de yo prèske. Anpil pwoblèm ak konplikasyon tankou sa ki gen pou wè ak edikasyon, pwoblèm sosyete ak tout enfliyans l ap sibi, elatriye, se kèk pami yon seri de bagay ki koz nou pèdi anpil tradisyon tankou nan mizik jounen jodi a ki gen plis enfliyans entènasyonal.

Depi kèk lane, mizik an Ayiti ap pran gwo gagann nan men lòt tandans entènasyonal tankou afwo, trap, elatriye. Tout sa pral depann de tandans kap mennen an, tankou nan yon epòk, se te Pop ak chansonèt fransè. Menm mizik rasin lan, sa kèk moun souvan rele mizik vodou a, vin gen enfliyans etranje. Pa etone w tande yon gita Wòkennwol nan yon mizik rasin, ou byen yon sentetizè nan yon ritm mizik ki jwe nòmalman ak tanbou, banbou, flit, tchatcha, graj ak kèk lòt enstriman elektwonik ki jwe sitou selon nòt ki chita sou baz akò ak rit vodou oubyen rasin.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lòt jan de mizik k ap sibi gwo enfliyans ankò se Konpa. Jan de mizik sa, ki gen anviwon 67 an, kòmanse ap pèdi anpil valè depi lè kèk gwoup antre nan sèvi ak Drum Machine (yon aparèy ki ba yo posiblite konprese fòma djaz yo pou vin bay sa yo rele miniband yo), tankou Sweet Micky, T-Vice, CaRiMi lè yo te fenk ap kòmanse.

Si enfliyans entènasyonal la rive nan yon pwen l ap maltrete orijinalite mizik ayisyen an, gen pwoblèm edikasyon an tou ki ranfòse devalorizasyon mizik tradisyonèl yo. Pwoblèm edikasyon koz anpil moun pa janm rive sène enpòtans kilti genyen nan yon sosyete, tankou anpil moun ki gen pwoblèm ak Kanaval ki se yon bagay ki nan patrimwàn kiltirèl anpil peyi nan mond lan. Tout sa se akoz mank edikasyon ak manipilasyon ki pouse kèk moun, menm sa ki konn li ak ekri, konpòte yo tankou moun ki pa gen bon sans. Nan menm koze sa, yo pa rive develope yon apresiyasyon pou valè lakay yo. Pou yo, mizik Rasin se bagay dyab. Pandansetan, yon lòt bò, Konpa manke anpil pou l entènasyonal jan anpil moun swete l la ; baryè lang fè l pa ka ale pi lwen.

Pwoblèm edikasyon an pa sèlman montre nou manke bay bagay lokal ak tradisyonèl yo valè, li montre tou ki jan nou manke estim pou pwòp tèt nou. Li lojik : yon moun ki pa ka bay tèt li valè pa ka rive apresye reyèlman. Pa egzanp, yon jèn gason ki prefere jwe plizyè mizik trap pandan lap pase yon tan ak mennaj li nan chanm li, tan pou l ta jwe yon ‘‘First time’’ ‘‘CaRiMi’’ oubyen yon ‘‘Cheri Benyen m’’, yon mizik ‘‘Harmonik’’ ki plis sanble ak moman, nan pozisyon yo ye a. Souvan, se paske l panse l p ap parèt tòg si se pa mizik sa yo li jwe.

Sosyete nou an ak ipokrizi l tou koz anpil atis pèdi identite yo lè y ap pwodwi. Fanatik yo tou gen tandans ekzije atis yo anpil pandan yo p ap konsome vre. Sa vin pouse atis yo plis ap kouri dèyè ‘‘like’’ ak ‘‘views’’. Zèv yo vin pa konsistan, pwodui yo tankou asetòn, aprè yon ti tan yo ekspire, anplis, yo pa menm gen chalè menmsi yo fè plizyè milyon ‘‘views’’. Li vin pi fasil pou yon atis pwodwi pou satisfè kouran mòd la olye de pou anrichi kilti peyi a. Esponsò yo jwe yon gwo wòl nan devalorize mizik tradisyonèl yo. Li pi fasil pou yon esponnsò reponn yon atis oubyen yon DJ k ap fè pwomosyon pou nouvo Rabòday la, yon tandans ki plis mache ak kèk aspè voksal ke yo bay kèk gwoup Rasin sipò sa.

An n pran yon aspè kote gen yon pwodwi ki sèvi anpil nan milye vodou a, pa gen yon seremoni pou l pa la, rele lwa se li, Ogou Feray pa janm mache san li, men konpayi k ap vann pwodwi sa, ki se yon pwodwi san pou san lokal, pa souvan bay sektè a sipò, pou n pa di l pa fè l ditou.

Zafè mizik tradisyonèl yo pa zafè pèsòn si n ap suiv byen, Ministè Lakilti, ki plase pou fè bon jan pwomosyon pou sa, pa janm gen yon pwogram pou vann kalite ak valè sa yo. Se kòm ministè sa tou pa la pou regle twòp bagay apre ti kanaval la, yo toujou bay an 6 kreyòl. Absans otorite bay lòt plas pou aji, men konbyen moun ki janm bay mizik sa yo enpòtans vre, si se pa koze yo y ap regle avè l ? Ipokrizi moun yo tèlman rive lwen, l ap pi fasil pou w jwenn ‘‘Boukman Eksperyans’’ sou yon sèn ap jwe nan yon festival pou kanpay nan eleksyon olye w wè l ap jwe Fouba. Si Ram pat gen otèl Olofsonn, li pa t ap ka jwe chak jedi…

Si n serye tout bon, nou dwe mande tèt nou kisa nou vle vann kòm valè kiltirèl, pandan Rasin Mapou ak Azò fè gwo eksplwa, Boukan Ginen, Boukman Eksperyans ak Chay Nanm te konn ap fè valè Ayiti sou sèn entènasyonal la. Jounen jodi a, li prèske enposib pou yon Ayisyen pale de Rabòday san l pa panse ak chawa pete. Mande tèt nou depi kilè nou tande yon gwoup fenk fòme pou se Bolewo l ap jwe ? Nanm nou sispann atache ak sa nou ye tout bon ; menm yon gwoup Konpa plis anvi jwe Kizonba, Zouk olye yo eseye fè eksplwa Tabou Combo te fè nan Anti yo, an Ewòp e nan plizyè lòt peyi. Li t ap enpòtan pou nou sonje idantite yon pèp chita nan kilti l tou. Li lè li tan pou yon jèn ka tande mizik Rasin san l pa malfektè pou sa, tande tout kalte mizik Konpa san yo pa oblije pran l pou mawozo oubyen masisi.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.