Men 11 pi bon jwè ki fè pati ekip deseni an (2010-2019) daprè France football  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
men 11 pi bon jwè ki fè pati ekip deseni an (2010 2019) daprè france football  

France football se yon magazin nan peyi Lafrans ki toujou bay anpil bèl distenksyon nan sa ki konsène disiplin espòtif sa ki se foutbòl. Jodi samedi a, magazin sa deside bay 11 jwè ki konpoze ekip pou 10 denyè lane sa yo, soti 2010 pou rive 2019). Tout fanatik foutbòl konnen sou plis pase 10 ane, Messi ak Cristiano Ronaldo pat bay chans ak lòt foutbolè yo, ak yo 2 a, yo pran 12 Balon dó. 

Pou 10 dènye ane sa yo, foutbòl la konnen anpil gran jwè, jwè ki pran anpil tit, ki fè moun viv anpil emosyon. Nan lide sa magazin France football deside bay 11 jwè ki konpoze ekip pou 10 dènye ane sa yo. Jwè  tankou Messi, C.Ronaldo, Xavi, Iniesta ak Luka Modric nan ekip sa.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon konpozisyon ekip ki pral kreye anpil polemik, paske gen anpil star ki pa nan ekip deseni an, tankou: Buffon, Neuer, Dani Alves, Piqué, Benzema, Lewandowski, Mané, Salah ak Mbappé pa nan seleksyon sa.  

Men 11 jwè  ki fè pati ekip deseni an (2010-2019)  

Gadyen : I. Cassilas 

Defansè: S. Ramos – V. Van Dijk – Marcelo – F. Lahm 

Mitan teren: Xavi – Iniesta – Modric  

Atakan : Messi – Neymar – C. Ronaldo  

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive