Komisè Adjwen Jeanty Souvenir pran lajan pou libere 2 prezime asasen, daprè RNDDH 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
komisè adjwen jeanty souvenir pran lajan pou libere 2 prezime asasen, daprè rnddh 

Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun nan yon rapò fè konnen komisè adjwen Pakè  Pòtoprens lan, Jeanty Souvenir, pran lajan pou libere de prezime asasen. Nan sans sa, RNDDH mande louvèti yon ankèt rapid sou konpòtman komisè a. 

Anprizone nan prizon sivil Pòtoprens pou asasina Gabriel François, 86 lane, Amos Edmond ak pitit gason l Signoly Edmond te vle jwenn liberasyon yo ak lajan. Vrèmanvre, komisè adjwen Jeanty Souvenir afime, daprè RNDDH, li te retire 2 akize yo nan selil yo pou l ka konfime prezans yo nan penitansye a. Yon enfòmasyon ki pa vrè, daprè òganizasyon pou Defans Dwa Moun lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vreman vre, pwosekitè a te bay lòd pou yo lage yo nan dat 11 novanm 2022 a, apre yo fin tande yo menm jou a, fè konnen Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun. Men sepandan, RNDDH fè konnen tou Komisè Jeanty Souvenir te oblije kite  sa aprè tout tole dekouvèt dosye sa a te koze nan biwo Pakè Potoprens lan. 

Mete sou sa, òganizasyon an di Komisè Souvenir te pran 10 mil dola ameriken pou fasilite liberasyon 2 swadizan asasen sa yo. Daprè RNDDH se Yvon Edmond, frè Amos Edmond ak tonton Signoly Edmond ki te pote lajan bay komisè a, pou li te libere frè l la ak neve l la. 

Se sak fè, aprè tout konsta sa yo, Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun yo rekòmande pou Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la louvri yon ankèt prese prese sou konpòtman Komisè Jeanty Souvenir nan tantativ pou libere akize Amos Edmond ak Signoly Edmond. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.