Komisè gouvènman Gonayiv la mande popilasyon an pa piye pandan manifestasyon yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
komisè gouvènman gonayiv la mande popilasyon an pa piye pandan manifestasyon yo 

Komisè gouvènman vil Gonayiv la, Mèt Vanel Amisial, fè konnen jounen dimanch 18 septanm 2022 an, nan mikwo laprès, popilasyon an kapab manifeste men yo dwe evite piye ak kase biznis ak enstitisyon yo. 

Nan yon entèvansyon nan mikwo laprès jounen dimanch 18 septanm 2022 an, chèf pakè bò kote tribinal premye enstans Gonayiv la denonse zak piyaj ak vyolans ki fèt dènye jou sa yo nan vil Gonayiv pandan mouvman pwotestasyon yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mèt Vanel Amisial di li rekonèt pwotestasyon yo se yon mouvman k ap fèt sou tout peyi a e popilasyon an gen dwa pou manifeste kont ogmantasyon pri gaz la, lavi chè ak ensekirite, men san atake enstitisyon ak byen prive moun. 

Komisè gouvènman Gonayiv lan, Mèt Vanel Amisial, fè konnen gen gwo dispozisyon k ap pran nan nivo pakè a pou anpeche sèn piyaj yo nan vil Gonayiv, avèk sitou èd lapolis k ap fè anpil jefò retabli lòd ak lapè nan vil la. 

Sòti vandredi pou rive samdi 17 septanm 2022 an, plizyè enstitisyon piblik kòm entènasyonal, biznis ak lekòl te rive viktim nan zak piyaj ki t ap fèt toupatou nan vil la. Anpil moun nan Gonayiv te pran lari pandan semèn ki sot pase a pou denonse ogmantasyon pri gaz la, lavi chè, ensekirite, sitou demisyon premye minis Ariel Henry. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.