NETALKOLE

Konfederasyon Nasyonal Vodouizan Ayisyen (KNVA) yo mande dirijan yo pou yo tande kri pèp la 

Reprezantasyon Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen (KNVA) nan Gonayiv  di yo kondane zak piyaj ak zak vandalis ki te anrejistre pandan dènye mouvman popilè yo nan vil endepandans la.  Vrèmanvre, branch rejyonal sa a envite dirijan yo tande rèl popilasyon an ki pa kapab ankò : 

Mèt Enock Géné Génélus, youn nan reprezantan KNVA nan Latibonit,  te eksprime senpati li bay dirijan Legliz Katolik nan Vil Endepandans lan, ki viktim zak piyaj ak zak vandalis, tout pandan li ankouraje popilasyon an pou yo fè revandikasyon yo nan yon klima lapè, san yo pa kraze brize.  » Paske se nou kap peyi sa pi devan » tè eksplike Mèt la. 

Yon lò bò, mèt Généus   mande gouvènman  an pou li reponn  ak rèl sitwayen yo kap soufri ki pa kapab ankò al lavi chè sa epi pwoblèm ensekirite  ki ap ravaje peyi a. 

Se sak fè,  avoka a mande divès aktè yo mete tèt yo ansanm pou rive jwenn yon akò pou mete fen nan kriz sa peyi a ap fè fas de plizyè lane.

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 de 1 075

Laisser un commentaire