Tout sa yon fi dwe konnen sou likid k ap koule nan vajen li an ak sa li dwe fè poul trete 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
tout sa yon fi dwe konnen sou likid k ap koule nan vajen li an ak sa li dwe fè poul trete 

Nan premye atik nou te pataje sou sijè sa, nou te bay esplikasyon sou likid sa k ap koule nan vajen fi a.Yon fi ki remake yon likid ki gen koulè jòn, gri oubyen wouj kap koule nan vajen li, pa ta dwe pran sa pou yon jwèt, sitou si likid sa ta gen move sant. Li tap enpòtan anpil pou moun nan ta rive wè yon doktè, sa ki kapab ede l konnen bon jan tretman li dwe pran. Men kèk bagay yon fi ka fè pou l jwenn soulajman avan menm li al konsilte.  

Anpil fwa fi yo konn remake yon likid k ap soti nan vajen yo, likid sa konn soti ak pi, ak san konsa tou li konn san koulè.. Sa konn rive fi a gen gwo doulè lè l ap pipi ak lè li nan fè bagay. Yon moun ki vle ede tèt li avan li al wè yon medsen kapab aji sou sa yo kòm premye swen  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men kèk bagay fi a ka fè pou l ka ede tèt li  

Yon fi ki bay sante l enpòtan pap retire yon kilòt sou li san li pa gade l epi veye siyal kò li ap ba li tanzantan, l ap toujou pran anpil prekosyon nan sa ki gen pou wè ak swen vajen li, paske se yon pati nan kò l ki frajil anpil. Sizoka yon fi ta wè yon likid jòn, gri oubyen blanch ap soti nan vajen li, men kèk  bagay li dwe fè.   

  • Si se yon enfeksyon, li dwe lave vajen li ak yon koton byen mouye epi voye l jete 
  • Fè yon tès gwosès sa ki ka ede doktè a poze diagnostik li a pi byen  
  • Pa fè bagay pendan tan sa yo  
  • Si likid la ta blanch epi li tankou lèt kaye, fi a dwe itilize ovil vajen lap jwenn achte nan famasi.  

Fason fi a ap sévi ak kò li, nan jan l ap pran swen li, se yon ekip aksyon ki kapab ede l anpil. Men kèk aksyon enpotan fi a ka poze pou likid sa kap koule nan vajen li a:  

  • Itilize sèvyèt pwòp oubyen kotèks, si se kotèks li dwe chanje l chak 3è tan 
  • Pa lave andedan vajen e pa itilize pafen nan vajen an sa ka koze plis dega 
  • Itilize savon ki pap bay pwoblèm, savon ki ka konbat mikwòb 
  • Seche vajen an ak tou déyé a ak yon sèvyèt pwòp aprè yo fin byen lave 
  • Pa mete kilòt sere, kilòt kale dada, mete kilot ki gen koton ki ka byen ranmase vajen an ak dèyè a  
  • Pa mete patanlon ki sere 
  • Pa fè bagay dri, li tap bon pou fi a sispann tout rapò seksyèl li yo 
  • Nan ka moun nan paka paka tann, fi a dwe itilize kapòt, epi aprè chak rapò seksyèl, li tap bon pou fi a pipi, sa ap ede l ak kèk risk enfeksyon  

Pou plis detay ak tretman, fi a dwe al wè yon doktè ki pou ede l jwenn solisyon ak pwoblèm li an. Pa pè pale sa ak doktè pou sa pa pi grav, pa gen pi gran byen pase lasante. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive