NETALKOLE

Kwadèboukè : Enstalasyon yon chèf gang tounen masak, plizyè moun mouri 

Plizyè moun mouri sasinen anba bal bandi san konte sila yo ki blese gravman grav sou plas « Gwo Woch » la nan zòn Bon-Repos, komin kwadèboukè, nan menm moman yon chèf gang anpil moun konnen sou non  » Ti Toutou » tap enstale pou dirije enpas la. 

Bandi san fwa ni lwa san manman kontinye ap koule san sitwayen pèzib nan peyi a sitou nan komin kwadèboukè. Pandan yon aktivite sosyo-kiltirèl t ap kòmanse, plizyè bandi ki te abò yon machin blan tire sou plizyè moun. Gen kèk, tankou DJ Dorcé Mix ak yon lòt moun ki te mouri sou plas la plizyè lòt blese grav. 

Dapre kèk moun ki te temwen zak malonèt sila a, se te yon seremoni enstalasyon yon senp bandi ki tap vin chèf nimewo 1 yon baz bandi, non l se  « Ti toutou » yo tap nomine l pou kontwole zòn Plas  » Gwo Wòch » la ak lòt koridò ki antoure l yo. Nou aprann tou aktivite sa fèt nan yon kontèks diferan pske se fèt anivèsè nesans chèf gang « Ti Toutou ». 

Selon konklizyon kèk patisipan aktivite sa a, yo pat pran tan pou te mennen moun ki te blese yo lopital pou yo te resevwa bon jan laswenyay. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire