Lameri Laskawobas entèdi pwodui ki sòti Repiblik Dominikèn rantre nan vil la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
lameri laskawobas entèdi pwodui ki sòti repiblik dominikèn rantre nan vil la

Nan yon kominike ki pote dat premye novanm 2023, konsèy minisipal Laskawobas lan pran desizyon pou entèdi tout pwodui ki sòti Repiblik Dominikèn rantre nan vil la nan sousi pou pwoteje popilasyon yo an.

Nan moman fwontyè an fèmen bò kote ayisyen pou reponn ak zak prezidan dominiken an, Luis Abinader, te pran poukont li nan mwa septanm pase an, Lameri Laskawobas voye yon pinga bay tout moun k ap tante fè pwodui dominiken rantre sou teritwa ayisyen an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kominike sa ki piblik, administrasyon kominal Laskawobas la anonse gen dispozisyon ki pran nan tèt kole avèk fòs lòd yo pou sezi, boule, rive jiska sanksyone tout kontrebandye k ap tante fè pwodui ki sòti Repiblik Dominikèn rantre nan vil la. Daprè otorite lokal yo, pwodui sa yo k ap sòti lòtbò frontyè a kapab nwi sante popilasyon an.

Nan sans sa, Lameri Laskawobas mande tout sitwayen nan vil la pou mete otorite yo okouran sou tout pwodui ki sòti Repiblik Dominikèn k ap travèse vil la nan nenpòt kwen li ta kapab ye an. Mezi sa yo pran nan sousi pou « pwoteje lavi ak sante » chak grenn moun nan kominote an, daprè sa ki ekri nan kominike sa.

N ap raple, divès lòt minisipalite te deja pran menm dispozisyon sa, pami yo Tomasik, pou kwape kontrebann k ap fèt sou fwontyè an epi anpeche pwodui Repiblik Dominikèn yo rantre nan divès vil nou yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.