Lapolis la paka batay ak gang yo, deklarasyon Antonio Guterres 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Photo : AFP

Sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres deklare sèl fòs sekirite peyi Dayiti genyen an paka batay avèk gang yo pou mete bon jan sekirite ak lapè sou teritwa a. 

Pandan yon entèvansyon jeneral sou sak ap pase nan kèk peyi nan mond lan, France 24 te pwofite entewoje diplomat la sou zafè ogmantasyon pri gaz la nan peyi d Ayiti ki lakòz anpil dega fèt. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo te mande l èske y ap sibvansyone petwòl la yon lòt fwa ankò pou popilasyon ki pi vilnerab yo, èske plizyè milyon dola ki debloke yo ap ka jere pwoblèm nan ? 

Kòm repons, misye Guterres te reponn si se nan zafè prensip, Nasyonzini t a dwe sibvansyone fanmi yo pito, se pa gaz la, pandan l te tou pwofite tòde kò l epi fè konnen nan ka pa Ayiti a Konsèy sekirite a te chita ansanm epi deside se bon jan fòmasyon pou lapolis la pran, paske l paka batay avèk gang yo sou teritwa. 

Sekretè jeneral Nasyonzini an di l te pwopoze pou yo mete yon pwogram entènasyonal kanpe, l ap geb pou apiye, fòme ak ekipe lapolis la, men pou batay kont gang yo fèt fòk gen yon fòs ki gen kanson l nan tay li ki la pou sa. 

Li pran kòm ekzanp fòs polis nan kèk peyi nan mond lan tankou Pòtigal ak Larans, kote gen gwo fòs polis pou batay kont gwoup gang yo. Nan ka Ayiti a li lè li tan pou gen yon bon fòs sekirite ki rantre la seryezman. 

Batay kont gang yo an Ayiti pa gen 2 wout : se yon fòs gason kanson ki pou fè l, pandan y ap antrene lapolis la pou sa paske l pa efikas, deklarasyon Sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres. 

Mouvman k ap fèt aktyèlman yo pa mouvman politik, se gang yo ki an aksyon, malerezman gen moun ki nan pouvwa ekonomik lan ki enfiltre pami yo, li te fini konsa.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.