Lapolis mande radyo Galaxie kout men nan ankèt l ap mennen sou lanmò polisye Lincoln Bien-Aimé 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis mande radyo galaxie kout men nan ankèt l ap mennen sou lanmò polisye lincoln bien aimé 

Asasinen depi 2 desanm 2022 a nan komin Kwadèboukè, ankèt sou lanmò polisye Lincoln Bien-Aimé ap vanse ti pa ti pa. Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) mande radyo Galaxie kout men nan ankèt l ap mennen pou fè limyè sou lanmò sila. 

Nan dat 27 desanm 2022 a, nan emisyon « La Bande du Matin », yon frè polisye a, ki te afekte nan Brigad Lit Kont Trafik Estipefyan (BLTS), te fè yon pakèt revelasyon sou kondisyon lanmò li. Konsa DCPJ mande pou radyo Galaxie fè yo jwenn ekstrè entèvansyon frè Lincoln Bien-Aimé a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsène a ki se Léo D. Pizo Bien-Aimé te menm revele depi aprè asasina planifye frè li a anba men gang 400 Mawozo, l ap resevwa menas ak tout fanmi l pa bò kote plizyè moun yo pa rive idantifye, aprè l te denonse gwoup polisye ki enplike nan zak la. 

Wi, plizyè enfòmasyon te rapòte Kòlèg polisye Lincoln yo, ki te abò yon cha blennde, te deside refize l aksè ak veyikil la akòz li te akonpaye. Se nan menm moman sa bandi 400 mawozo yo t ap opere sou wout la. Polisye a ki te oblije pran moto ak madanm li, pèdi vi l epi madanm nan te sòti blese byen grav. Tou 2 t ap rann yo Gantye. 

Polisye BLTS Lincoln Bien-Aimé antere senbolikman 23 desanm pase a, men jiskaprezan pwòch li yo pako ka fè dèy, yo kontinye ap mande jistis pou ajan 28yèm sila ki asasinen nan jou fèt li. Kriminèl yo te touye l, rache kadav la epi ale ak li.  

Swit ak dram sila Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) t ap pral louvri ankèt pa bò kote pa li epi menm revele plizyè polisye konn itilize veyikil blennde yo pou transpòte moun ak kamyonèt machandiz pou gwo lajan sòti nan 2 500 goud pi piti pou rive 1000 dola ameriken. Jiskaprezan Direksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (DGPNH) poko janm detaye l reyèlman sou dosye sila. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.