Senegal relanse l nan Mondyal la pandan l bat Kata 

Jephte Pascal
Par
Jephte Pascal
Rédacteur
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.
- Rédacteur
senegal relanse l nan mondyal la pandan l bat kata 

Senegal fè yon bèl viktwa (1-3) anfas peyi òganizatè a, Kata, 25 Novanm nan. Se premye peyi Afriken ki genyen yon match nan 22è edisyon Mondyal la. 

Senegal te mal antre nan Mondyal 2022 lè l te tonbe devan Lawoland aprè yon dividal okazyon l te rate pou l te fè gòl. Lyon Téranga yo te pèdi (2-0), men jodi a yo siye san an sou peyi òganizatè konpetisyon an avèk viktwa (3-1).  

Se Boulaye Dia ki te bay jwè Aliou Cissé yo avantaj la nan fen premye mitan an (41′). Senegalè yo ta pral fè brek la avèk Diedhiou (48′). Se premye fwa 2 jwè sa yo fè gòl pou peyi yo nan zafè Mondyal.  

Ekip Kata a te vin oblije sekwe kò l paske l te santi eliminasyon an pwòch. Aprè kèk okazyon rate, yo te jwenn rediksyon eskò a gras ak Mohamed Muntari ki te fenk antre nan match la (78′). Se 13è gòl li fè pou Kata. 

- Advertisement -
Ad image

Jwè Olympique de Marseille la, Bamba Dieng te vin touye espwa Katari yo kèk minit aprè (84′). Li repran yon balon nan kare a pou l sele viktwa a pou Senegal. Lyon Téranga yo ap jwe dènye match yo nan poul la ak Ekwatè. 

 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.