Lèzetazini mande Repiblik dominikèn pou l pwoteje Ayisyen ki vilnerab yo 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Uzra Zeya le sous-secrétaire à la sécurité civile, à la démocratie et aux droits de l'homme.

Tonton Sam mande kay vwazen, Repiblik dominikèn, pou bay sila ki pa kapab yo yon asistans, sitou Ayisyen k ap viv lakay yo oubyen ki se Dominiken dorijin ayisyèn. Li fè apèl sila nan kad ankèt ak lit l ap mennen kont move tretman moun nan rejyon an. 

Lèzetazini mande Repiblik dominikèn pou pwoteje sila ki pi vilnerab yo nan kominote li a, pandan l t ap kondane trafik moun ap fè tou. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Sa konprann tou bay sèvis ak tout moun ki vilnerab yo, Ayisyen yo ladan l tou ak Dominiken ki gen orijin ayisyèn yo”, se deklarasyon Sou sekretè pou sekirite sitwayèn, demokrasi ak dwa moun yo Ozetazini, Uzra Zeya. Responsab la te nan Palè nasyonal dominiken an nan kad yon rakont prezidan dominiken an Luis Abinader t ap dirije. 

Konsa tou, reprezantan gouvènman ameriken an ankouraje gouvènman dominiken an pou adopte yon lwa pou kounya sou tretman moun, jan nòm entènasyonal la mande sa yo. Sa ap pèmèt yo pouswiv pi byen devan lajistis sila k ap atake timoun yo. 

 “Gouvènman Dominiken an dwe kontinye fè pwogrè nan batay kont trafik moun nan mennen ankèt efikas, pouswiv ak kondane trafikan yo, pwoteje moun ki pi vilnerab nan kominote nou yo.  Sa gen ladan l bay tout moun ki vilnerab yo sèvis, tankou Ayisyen ak Dominiken desandan ayisyen”. 

N ap raple, ofisyèl ameriken an te dirije delegasyon li an nan yon « Dyalòg wo nivo sou refòm enstitisyonèl ant Lèzetazini ak Repiblik Dominikèn », ki te dewoule yon twazyèm fwa ak otorite dominiken yo nan Palè Nasyonal la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.