Liberasyon san ranson pou tout moun ki nan men nèg ak zam yo, anons Jimmy Cherizier

Wallace Elie
ParWallace Elie- Redacteur
liberasyon san ranson pou tout moun ki nan men nèg ak zam yo, anons jimmy cherizier

Nan yon anons ki te kapab siprann tout moun, chèf gang k ap dirije anba Dèlma a, Jimmy Cherizier alyas Babekyou fè konnen jodi madi an, nan non Viv ansanm, pral gen liberasyon pou tout otaj kidnapin ki nan men bandi yo san fanmi yo pa p bezwen bay yon goud.

Daprè ansyen polisye an k ap dirije anba Dèlma a, ki se egalman Pòt Pawòl nouvo alyans gwoup ame Viv ansanm lan, nan lide pou lave tèt yo aprè tout kalte move zak yo komèt sou popilasyon sivil lan, gen gwo desizyon yo pran, pami yo liberasyon tout otaj yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Se imen nou ye, sa ka rive nou fè anpil mal ak manm popilasyon an, nou mande tout moun ki viktim yo eskiz. Nou anonse nan non Viv ansanm tout moun nou te kidnape pral jwenn liberasyon yo san yo pa p bezwen bay yon goud », anonse Babekyou nan mikwo Laprès.

Nan menm konferans pou laprès sa, Jimmy Cherizier renouvle yon lòt fwa detèminasyon li menm ak tout gwoup ame ki nan Viv ansanm yo pou chavire gouvènman Ariel Henry an ki, daprè sa l fè konprann, se yon etap pou rive nan sa yo genyen kòm objektif kapital ki se chanje sistèm lan.

Chèf gang lan ki te byen antoure ak nèg gwo zam nan men, te tou pwofite pou prezante eskiz li ak tout viktim batay sa fè sòti jedi 29 fevriye an jiska jounen madi an kote nan divès kwen rejwenn Metwopolitèn lan kadav gaye toupatou.

N ap note, pandan otorite yo pa gen okenn kontwòl sou sa k ap fèt la kote prizon sivil Pòtoprens lan ak sa Kwadèboukè an kraze, plizyè pòs Polis sakaje epi boule, san konte kay ak biznis moun ki kraze epi piye, Premye minis lan toujou poko kapab retounen nan peyi an, malgre tout tantativ k ap fèt jiskaprezan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Wallace Elie
Par Wallace Elie Redacteur
Follow:
Communicateur Social,journaliste. Motivation, Rigueur et écoute sont les maîtres mots de mon comportement professionnel.