Lise Jacques 1er nan Kwadèboukè rekòmanse fonksyone 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lise jacques 1er nan kwadèboukè rekòmanse fonksyone 

Yon rale souf pou elèv ki lekòl la yo ak tout paran yo, Lise Jacques 1er ki nan Kwadèboukè rekòmanse dispanse kou nòmalman aprè l te sispann travay depi nan lane 2021 akòz ensekirite a. 

Depi lendi 16 janvye a aktivite yo reprann nan Lise Jacques 1er, aprè bandi k ap dirije komin Kwadèboukè te deside fè yon kanpe nan batay yo. An rezon aktivite banditis ki genyen nan zòn sa fonksyonman etablisman sila te paralize depi nan lane 2021. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Menm si repriz lan fèt timidman, swa atravè kantite elèv ki vin nan klas oubyen pwofesè ki vin dispanse kou, tout moun temwanye satisfaksyon yo fas ak repriz aktivite eskolè yo. Sou 16 sal klas se sèlman 8 ki gen elèv.  

Direktè etablisman sila, Jean Bertin Adolphe, di li kontan di fèt Lise Jacques 1er reprann misyon l kòmsadwa, epi swete pou tout elèv yo tounen vin nan klas pi douvan kòrèkteman. Yon lòt kote M. Adolphe di li espere y ap kapab klotire ane lekòl la, sitou paske yo gentan rate yon ane akademik an rezon ensekirite a ki gen nan plenn nan. 

« Pou kounya n ap revize orè nou yo, n ap wè si n ka lage klas yo a 3 zè nan aprèmidi pito pou elèv yo ka wè pwogram akademik 2022-2023 », se deklarasyon enstititè a. 

Direktè Jean Bertin Adolphe di li lage zafè sekirite elèv yo nan men lapolis k ap fè patwouy nan antouraj lise a an pèmanans. 

N ap raple, se moun ki te reziye yo rete nan zòn Kwadèboukè ki pat sispann rele otorite yo sekou aprè sitiyasyon an te fin dejenere, epi mande Polis Nasyonal Ayiti (PNH) pou fè yon entèvansyon pou mete kriminèl 400 Mawozo yo deyò. 

Men si aktivite yo ap reprann timidman kounye a, bandi sila yo kontinye elaji move repitasyon yo toupatou anba pwoteksyon chèf gang « Lanmò San Jou ». Gang sila yo pa pè pèpap, yo espesyalize nan touye ak kidnape moun, detounen machin, vòlè bagay moun, elatriye. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.