Nan mwens pase 6 jou, plis pase 55 moun mouri Bèlè, daprè RNDDH

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
nan mwens pase 6 jou, plis pase 55 moun mouri bèlè, daprè rnddh

Depi anviwon senk jou abitan ki nan zòn
Solino, Fò Nasyonal, Bèlè, Delmas 18, Nazon ap viv yon move moman, kote anpil nan yo ap kouri kite kay yo akoz afwontman gang ak gang pou pran kontwòl teritwa, sa ki lakòz plis pase 55 moun mouri ak 50 lòt disparèt nan zòn sa yo, daprè Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH).

Depi semèn ki sot pase a, anpil fanmi ki abite nan zòn Bèlè, Delmas 18, Fò Nasyonal, Solino ak lòt ankò ap kouri kite kay yo akoz gwoup gang ak zam ki ap goumen pou jwenn plis teritwa. Vrèman vre, sitiyasyon sa lakòz anpil nan popilasyon sivil la pèdi lavi yo, san konte plizyè lòt ki disparèt nan zòn sa yo nou sot site yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè sa Direktè egzekitif Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH) nan, Pierre Espérance fè konnen, soti 27 fevriye 2023 a pou rive 4 mas 2023 a, bandi ak zam retire lavi 60 moun ak 50 lòt moun disparèt nan lagè gang nan katye Bèlè ak zòn ki antoure l yo.

Sepandan, direktè egzekitif RNDDH la, afime
òganizasyon Defans Dwa moun nan poko genyen yon rapò konplè pou zòn Solino, youn nan katye bandi ak zam yo te kòmanse anvayi depi wikenn pase a, nan lide pou yo pran kontwòl zòn sa nèt.

Yon lòt bò, Mesye Espérance ta fè konprann 2 gwoup gang sa yo ki ap goumen an, sa vle di G9 ak Gpèp, jwenn gwo sipò gouvènman an ki la kounya, ki gen nan tèt li Premye Minis Ariel Henry.

N ap raple, nan dat ki te jedi 2 mas 2023 a, plizyè katye nan zòn metwopolitèn pòtoprens lan, espesyalman Nazon, Solino, Delmas 18, Pòs machan elatriye …. te konnen yon sitiyasyon ki te trè konplike, kote gang ak zam Bèlè yo te atake katye sa yo, sa ki te lakoz plizyè dizèn fanm, gason ak timoun kouri kite lakay yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.