Premier League la bay lis jwè pou tit meyè jwè pou sezon an

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
premier league la bay lis jwè pou tit meyè jwè pou sezon an (1)

Sezon sa, Premier League la kenbe menm konsistans li ak espektak li yo, anpil bèl match, anpil bèl gòl ak anpil sipriz. Jodi madi a, Premier League la pibliye non jwè ki kapab pran tit la sezon an. Lis la se : Haaland, De Bruyne, Odegaard, Rashford, Kane epi Saka. Tout moun ap konnen meyè jwè a aprè fanatik yo fin vote sou entènèt la.

Aprè gwo sezon sa, anpil moun ap mande ki jwè k ap meyè jwè Premier League la. Èske se jwè ki fè plis gòl la, jwè ki enplike plis nan jwèt ekip yo? Rezilta yo ap vini aprè vòt fanatik yo. Jwè tankou Erling Haaland ak Kevin De Bruyne parèt gran favori yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Erling Haaland

Pou premye sezon jwè a nan Premier League la, li fè 36 gòl pou 33 match, sa ki se yon rekò. Nòvejyen an desizif anpil pou Citizens yo.

Kevin De Bruyne

Bèlj la se youn nan pi bon mitan tèren pou dènyè ane sa yo nan foutbòl wo nivo a. Li sou wout pou l pran yon 4èm tit Premier League ak Citizens yo sou 5 dènyè sezon yo.

Harry kane

Jwè Tottenham lan anfòm malgre ekip li an pa fè anpil bèl pèfomans sezon sa. Yo menm riske pa ale nan Lig dè Chanpyon an sezon k ap vini. Atakan anglè a reyalize 27 gòl sou 36 match li jwe.

Marcus Rashford

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon eleman enpòtan pou Manchester United ki te reveye l aprè Mondyal 2022 a, nomine pou tit sa. Li gentan fè 16 gòl pou Reds Devils yo.

Martin Odegaard

Plak tounant ekip Arsenal la, jwè ki mete animasyon, kreyativite nan mitan tèren ekip la. Kalite teknik li ak kalite pas li fè l se youn nan nomine yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bukayo Saka

Jèn atakan anglè a se youn nan eleman enpòtan pou Gunners yo. Vitès li, kalite drib li ak sa l pote nan chak match pou ekip Arteta, se youn nan jwè ki nan kous pou tit la.

Fen sezon an tou, fanatik foutbòl yo ap konn ki jwè k ap fini meyè jwè Premier League la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive