Palman ewopeyen an adopte 3 rezolisyon sou Ayiti 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
palman ewopeyen an adopte 3 rezolisyon sou ayiti 

Fas ak degradasyon sitiyasyon sosyopolitik politik yo nan peyi a, palman ewopeyen an adopte twa rezolisyon sou Ayiti, pami yo kondane avèk fòs vyolans gang ame sou sivil yo nan peyi a. 

Palman ewopeyen an egzije pou vyolans ak kriminalite gang yo sispann imedyatman nan peyi a e mennen devan lajistis responsab yo nan yon pwosè ekitab. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kad rezolisyon sa, palman ewopeyen an egzije egalman pou gen amelyorasyon ki fèt nan kontwòl zam ilegal k ap rantre nan peyi a epi pou gen pwogram sosyal, pwogram sante ak edikasyon ki mete sou pye anndan peyi a. 

Depite ewopeyen yo swete tout pati konsène yo jwenn yon solisyon dirab, tout moun ap aksepte, k ap mennen peyi a nan eleksyon jeneral nan yon tan ki pa twò long. Palman ewopeyen an mande egalman bò kote otorite ayisyen yo pou asire yon meyè gouvènans sou tout pwen nan Leta a ak nan sosyete a. 

Yon rezolisyon ki gen ladan l egzijans palman ewopeyen an fè ak enstitisyon finansye entènasyonal yo ki pou ogmante kontribisyon èd finansye y ap bay Ayiti yo. 

Palman ewopeyen an kondane ak tout fòs li vyolans anviwon 200 gwoup gang ap fè nan peyi a kote plizyè nan yo mare sosis yo ak otorite nan Leta a, responsab pati politik, chèf antrepriz, e ki ogmante pi plis toujou depi asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse nan mwa jiyè 2021. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.