Manifestasyon-Petyonvil: 2 moun mouri, plizyè lèzòt blese, 2 jounalis pase yon move moman

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Jounalis yo kap kouvri manifestasyon nan Pòtoprens / Kredi foto : Arnold Junior PIERRE

Pou pi piti 2 moun mouri, plizyè lèzòt sòti blese aprè yon rafal bal tout longè te deklannche ayè lendi 19 septanm 2022 a, nan zòn mòn Laza, nan pye Petyonvil kont manifestan anti-gouvènmantal la. 2 jounalis kap travay pou  » Radio Émancipation FM » te yo menm tou rekonèt yon move moman nan manifestasyon an pandan yo tap egzèse fonksyon yo. 

Ayè lendi an, popilasyon Ayisyèn nan te refoule beton an yon lòt fwa ankò pou manifeste kont desizyon Premye Minis lan Ariel Henry, nan lide pou fòse l revize pri pwodwi petwòl yo, nan okasyon nouvo sòti sa a, manifestasyon an te fini nan san. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon gwoup moun ak zam yo pat rive idantifye krible anba bal tout longè tèt manifestasyon an ki te deja okipe zòn Mòn Laza andedan komin Petyonvil. 

Pandan atak sa a, omwen 2 moun pèdi lavi yo, malgre tout jefò yo, redaksyon an pat rive jwenn non viktim yo. 

Soti nan tèt manifestasyon an ki te deja pèdi 2 aktivis, plizyè lòt moun te sòti blese.  Gras ak kolaborasyon rès mobilizatè yo, viktim yo te transfere nan youn nan lopital nan kapital la pou te resevwa premye swen nesesè yo. 

Toujou pandan menm mouvman sila a, 2 jounalis kap travay pou  » Radio Émancipation FM » te rekonèt pi move moman nan vi yo. Repòtè nou ki te depeche pou retransmèt evantyèl mouvman sa a, te temwen lè  Mackendy Victor ak Alex Thélot, ta pral viktim nan manifesrasyon an, Makendy Victor te resevwa plizyè kout wòch, Alex Thélot te resevwa plizyè kout chaplèt pandan menm li tap egzèse fonksyon li kòm jounalis. 

Nan yon tweet li te fè, direksyon Radio a denonse epi kondane atak ki te swiv 2 anplwaye li yo epi mande pou dwa pwoteksyon jounalis yo respekte pandan yap egzèse travay yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.