Manman pitit chèf gang Izo tonbe anba men lapolis

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
manman pitit chèf gang izo tonbe anba men lapolis

Sainthia Jean, se sou non sa Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) prezante yon fanm li idantifye kòm youn nan manman pitit chèf gang Vilaj de Dye a, Izo 5 Segond. Fòs lòd yo mete lapat sou li pou enplikasyon prezime l nan yon tantativ kidnapin nan Petyonvil.

Sou rezo sosyal li yo, PNH la fè konnen anplis Sainthia yo arete kòm prezime kidnapè, yo pwosede tou ak arestasyon 3 lòt endividi ki se Ronald Pascal, Oscar Davidson ak Francelaine Lamour. Yo repwoche yo pou menm zak yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ekip Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik (CPRP) enstitisyon polisyè a rapòte li mete kat prezime kriminèl sila yo anba kòd nan katye Jalouzi, komin Petyonvil samdi 3 desanm pase a. CPRP revele Sainthia Jean, Ronald Pascal, Oscar Davidson ak Francelaine Lamour ta genyen koneksyon ak gang Vilaj de Dye a, nan Matisan.

Daprè lapolis 4 endividi sila yo t ap planifye pou yo kidnape popriyetè yon “Night Club” nan komin Petyonvil, gras ak vijilans yo rive mete lapat sou yo.

N ap raple gang 5 Segond lan etann kò l prèske sou tout teritwa, sitou depi aprè echèk operasyon 12 Mas 2021 pase a. Chèf gang sila, ki se Izo, genyen sòlda k ap opere pou li nan tout rakwen zòn metwopolitèn lan, epi menm pou rive andeyò. Yo espesyalize patikilyèman nan komèt zak kidnapin ak etenn vi moun.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.