Vatikan konfime lanmò ansyen pap Benoît XVI

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
vatikan konfime lanmò ansyen pap benoît xvi

Ansyen dirijan legliz katolik la, Benoît XVI, mouri jounen samdi 31 desanm 2022 an a 95 lane. Yon nouvèl Vatikan konfime menm jou an, atravè direksyon sèvis près li.

« Mw gen doulè anonse nou pap emerit lan, Benoît XVI, mouri jodia a 9è34(lè ewòp), nan monastè Mater Ecclesiae ki nan Vatikan. Lòt enfòmasyon ap vini lè sa posib», ekri yon kominike ki pote siyati Matteo Bruni, direktè sèvis près Vatikan an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Joseph Ratzinger ki te nan tèt Sen Syèj la sòti 2005 pou rive 2013, mouri jodi samdi an ki se dènye jou nan ane 2022 an. Daprè Vatikan, fineray pap emerit lan ap chante lendi 2 janvye 2023 kote François premye ap gen pou prezide seremoni an.

Alman an ki te remèt demisyon l kòm chèf legliz katolik nan lane 2013, t ap viv retrèt li depi lè sa nan Mater Ecclesiae, yon monastè ki twouve l nan jaden Vatikan an kote li rann dènye souf li a 95 lane.

Kèk jou avan sa, pap François ki te rann li vizit, te deja kominike sou eta sante ansyen pontife a ki t ap degrade dènye jou sa yo kote li t ap soufri akoz vyeyisman. Pap François te lanse yon apèl ak fidèl legliz katolik yo pou priye pou li.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.