NETALKOLE

Mayisad: 2 polisye blese gravman grav pandan yon atak nèg ak zam sou yon komisarya 

Chèf gang Mayisad la, Augustin Mondestin ak plizyè nan akolit li yo atake komisarya Mayisad la jou ki te mèkredi 7 septanm lan. Chèf gang sa a te atake enstitisyon an, mwens pase 24 èdtan aprè li te chape poul li pandan pasaj yon patwouy lapolis, lè sa a li tap bwè kòb li tankou se te yon sitwayen pèzib. 

Pandan atak sa a 2 polisye te viktim, youn te blese anba bal, lòt la te pran yon kout wòch epi yon kout boutèy. Toutfwa,  enstitisyon an pa revele non polisye viktim yo. 

Se pa premye fwa bandi ak zam nan katye Mayisad ap koze dega nan mitan popilasyon an, Plizyè plent pote kont malfektè san manman sa yo tankou;  » vòl, kidnapin, vyòl ak posesyon zam ilegal. » Pou n site sa yo sèlman, Sa pa anpeche yo kreye panik. 

Pou kouwèl ye la a, ofisye polis ki te blese yo deja resevwa bon jan laswenyay nesesè selon sa yon polisye konfime nou. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire